Tennis
Tiraj-o-sò pou Entènasyono de Frans-yo ki dewoule jodi vandredi sa-a ki jantiy, ann pi favorab pou numewo 1 mondyal-la Roger Federer ke pou rival-li-a espayòl Rafaèl Nadal ki tonbe nan menm tablo ak Novak Djokovitch ki numewo 3 mondyal. Suis-la ( Federer...) evite sou pakou-l ajanten david Nalbandian ki nan mitan tablo-a e ki pa dwe gen pwoblèm pou premye tou-a devan ameriken Sam Querrey. Nap siyale brezilyen Gustavo Kuerten kap fè adyeul bay publik Rolan Garos-la ap jwe kont yon pitit tèt-a fransè Henri matthieu.
Kay medam-yo , situasyon pa dous pou chanpyon an tit-la Ana Ivanovitch (2 mondyal) ki gen devan Nicole Vaidisova (8e de final), amerikèn Serena Williams. Apre jubile Justin Henin , rus Maria Sharapova ap jwe wòl tèt de seri numewo 1. Lap jwe premye match-li kont konpatriyòt-li Dinara Safina.
Basketball
Nan 2e sòti pou Konferans de Lès-la , Detroit Pistons kale Boston Celtics a103 a 97 pou mete seri-a pat-pou-pat 7. 2 ekip yo ap rankontre demen Samdi a nan Detroit. Aswè a Los Anjeles Lakers pral chache yon 2 zièm viktwa lè lap akeyi pou yon 2e fwa nan seri-a San Antonio Spurs aswè a.
Football
Nan foutbòl, Lyon gen rande-vou avèk listwa demen swa nan Stad de Frans-la lè lap rankontre ak Pari Sen Jermen pou final Koup de Frans apre li finn ranpòte pou 7e ane afile chanpyona fouitbòl premyè divizyon-an. Lyon ki vize yon double konnen sa pap fasil paske li lakay PSG. Dirijan lyonè-yo avwe ke si Lyon kale demen , se ap youn nan pi bèl ane nan tout istwa klub. Lyon te pèdu an final ane pase devan Bordo.
Yon situasyon menm jan tou nan foutbòl italyen-an . Inter de Milan ki sot ranpòte 16e skoudeto nan istwa-l , ap jwe an deplasman lakay chanpyon antit-la As Wom pou Koup d’Itali-a. As Wom ki fini 2e nan chanpyona premyè divizyon-an.
Aktivite nan lig football balonwon ameriken an pou weekend nan. DC United ki tren-nen nan lig la ap akeyi demen Samdi a Toronto Football Klub. Real Salt Lake pral lakay Dallas. Kolombus Crew ap akeyi New England Revolution. Chivas pral lakay Kolorado Rapids epi Kansas City pral lakay Los Anjeles Galaksi.