Etazini-Eleksyon: Aprè viktwa Senatè Barack Obama nan eleksyon primè Eta Oregon ak viktwa Senatè Hillary Clinton nan Eta Kentucky madi 20 jen an, kesyon ap poze pou mande èske moun pral konnen anvan lontan kilès nan 2 mesye-dam yo ki pral reprezante Pati Demokrat la nan prezidansyèl novanm nan, sètadi kilès nan yo ki pral ranpòte nominasyon pati a? Kalkil ki fèt montre se sèlman 100 delege Misye Obama manke pou l genyen 2 mil 26 li bezwen pou l jwenn nominasyon an. Malgre sa, Senatè Clinton pwomèt li pral kontinye mennen kanpay jiska la fen, an tou ka jous rive nan dènye eleksyon primè a ki fikse pou 3 jen 2008 la; e, daprè sa li deklare mèkredi 21 me a nan vil Boca Raton, nan Eta Florid, li byen kapab kite bagay yo trennen rive jous nan konvansyon Pati Demokrat la ki pral dewoule nan fen mwa dout la. An tou ka, sa pa anpeche kèk gwo lidè demokrat fè previzyon pou yo di Barack Obama ap deja ranpòte nominasyon an anvan fen mwa jen an.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj nou sou nouvèl sa a.