Accessibility links

Breaking News

Inter de Milan Ranpòte Seri A a!


Football

Inter de Milan wouze Parma 2 a 0 pou l ranpòte pou yon 3 zièm fwa afile chanpyona Seri A Italyen an gras ak 2 gòl Zlatan Ibrahimovic. Inter de Milan fini sezon an ak yon total 85 pwen swa 3 pwen devan AS Wòm ki fè match nul 1 a 1 ak Katania.

An Espay Real Madrid ranpòte chanpyona premyè divizyon an. Antrenè FC Barselòn nan olandè Frank Rijkaard fè malèt li apre li pa rive ede Barselonè yo ranpòte chanpyona a. FC Barselòn fini 3 zièm dèyè Villarreal,

Ostrali ajoute nonn sou lis peyi ki kandida pou akeyi koup du mond klub yo an 2009 e 2010. Ostralyen yo justifye desizyon an akoz enfrastruktu ak yon gouvènman stab pou l akeyi konpetisyon an. FIFA ap pran yon desizyon le 29 ou 30 Me nan okazyon rankont komite ekzekutif la ap fè nan Sidne an Ostrali. An plis de Ostrali gen Japon, ki òganize konpetisyon 4 dènye ane yo ak Emira Arab Uni yo.

Isit Ozetazuni Chiva USA tronse DC United 3 a 1 Samdi nan MLS la. Antrenè seleksyon Gabon an, franse Alain Giresse, demisyone apre defèt 2 a 0 seleksyon an subi Samdi devan Kameroun--defèt ki elimine chans pou ekip la ta kalifye pou faz final koup dAfrik dè Nasyon an ane pwochè n.

FIFA leve entèdiksyon entènasyonal li te pran kont federasyon football Madagaskar la-desizyon kap pèmèt peyi a patisipe nan eliminatwa koup du mond Afrik du Sud la. Komite durjans FIFA a anonse desizyon jodi a plis pase 2 mwa apre FIFA te bay federasyon football la yon bwa long kenbe akoz entèferans gouvènman Malgash la. Gouvènman an te disoud federasyon an men kou Suprèm peyi a te ranvèse desizyon an. Madagaskar ap kòmanse kanpay kalifikasyon koup du mond la fas Botswana 31 Me nan group 7 la ki gen landan Kot Divwar ak Mozanbik.

Atletisme

Kourè ameriken Tyson Gay ranpòte kous 100 ak 200 mèt konpetisyon Atletisme Adidas ki tap dewoule nan Karson an Kalifòni. Lòt venkè konpetisyon an se ameriken Jeremy Wariner ki ranpòte kous 400 mèt la. Jamayiken Veronica Campbell ranpòte kous 100 mèt feminen an. Amneriken Muna Lee ranpòte kous 200 mèt feminen an. Ameriken dorijin Kenyan Bernard Lagat nan kous mil 500 mèt la epi Jamayikèn Nevlene Williams-Mills nan kous 400 mèt la.

Basketball

Boston Celtics kalifye pou final konferans de Lès la apre li ranpòte 7 tièm rankont semi final la devan Cleveland Cavaliers 97 a 92. Celtics yo ranpòte 14 viktwa afile a domisil men oken viktwa an deplasman. Celtics yo ap rankontre an final Detroit Pistons nan yon seri 7 match.

Tennis

Chanpyon tounwa tenis Open Ostrali a Rus Maria Sharapova klase nouvo numewo 1 mondyal feminen apre bèlj Justine Henin anonse retrèt li Mèkredi pase. Sèb Iva Ivanovic klase 2 zièm devan Jelena Jankovic, Svetlana Kuznetsova, Serena Williams, Anna Chakvetadze, Elena Dementieva, Venus Williams, Marion Bartoli ak Daniela Hantuchova konplete lis 10 premye jwè tenis mond feminen an.

Numewo 2 tenis mondyal espayòl Rafael Nadal te bezwen 3 manch pou l kale numewo mondyal la Swis Roger Federer 7-5, 6-7, 6-3 pou l ranpòte tounwa tenis dè mèt Hamburg. Nadal ranpòte 26 tounwa tenis karyèl pami yo 21 sou teren an tèr batu. Tounwa a antre nan kad preparasyon pou tounwa tenis Roland Garos la-sèl tounwa tenis Federer poko ranpòte.

Bò kote meda m yo Sèb Jelena Jankovic ranpòte pou yon 2 zièm ane afile tounwa tenis Internasyonal Wòm nan apre li kale franse Alize Cornet 6-2, 6-2.

Cyclisme

Motosiklis Italyen Valentino Rossi ranpòte kou motosiklèt franse a.

XS
SM
MD
LG