Santo-Domingo : Nouvèl ki sòti nan Repiblik Dominikèn fè konnen prezidan sòtan an, Leonel Fernandez, ranpòte eleksyon prezidansyèl ki dewoule yè vandredi 16 me 2008 la. Youn nan kandida opozisyon an, Miguel Vargas Maldonado, deja rekonèt defèt li e li fè misye Fernandez konpliman pou viktwa sa a. Pou plis detay, nou pran kontak ak ansyen konsil ayisyen nan Repiblik Dominikèn, Pè Edwin M. Parezon, ki nan Santo Domingo.
Pòtoprens: Nan peyi Dayiti, yon komisyon nan Chanm Sena a ap mennen ankèt pou fè limyè sou yon seri de chèk gouvènman revoke a --ki la sèlman pou regle «les affaires courantes»-- ta distribiye nan swadizan move kondisyon. Youn nan manm komisyon sa a, Senatè Youri Latortue, reponn kesyon Jean Pierre Leroy.
Orlando : Anfen òmdafè ayisyano-ameriken ki nan Eta Florid yo swete reponsab yo ann Ayiti va pran dispozisyon pou yo amelyore sitiyasyon sekirite a nan peyi a, dekwa pou yo tabli kondisyon ki nesesè pou envestisè ayisyen ki nan dyaspora a ak kolèg etranje yo devlope enterè pou y al fè lajan yo travay nan peyi a. Yves Mompremier ban nou detay depi vil Orlando.
Klike sou lyen anlè a pou w koute repòtaj nou sou nouvèl sa yo.