Accessibility links

Breaking News

Etazuni Konvoke 33 Jwè nan Seleksyon an


Football

Antrenè seleksyon nasyonal ameriken an konvoke 33 footballè pou seri match amikal Etazuni pral jwe an Eròp. Etazuni gen pou rankontre Angletè le 28 Me avan li fas a Espay le 4 Jwen epi Arjantin le 8 Jwen. Lis la gen pou l redui a 22 avan match kalifikatif koup du mond kont Barbad nan Karson an Kalifòni le 15 Jwen.

Kaka ak Robinho figure sou lis jwè antrenè seleksyon Brezilyen an konvoke pou 2 match amikal kont Kanada ak Venezuela. Ronaldinho pa figure sou lis la.. Seleksyon football feminen ameriken an gen pou rankontre Brezil nan 2 match chofe jarèt avan yo mete tèt pou Kore du Sud kote yo pral patisipe nan yon tounwa 17 Jwen.

Responsab football yo nan KONKAKAF la anonse DC United, Chivas USA, Houston ak New England Revolution kòm reprezantan Etazuni nan premyè edisyon Lig Chanpyon KONKAKAF la ak patisipasyon 24 klub. Premye tou a ap demare 16 Septanb ak patisipasyon DC United ak klub Meksiken Atlante. Tounwa preliminè a ap kòmanse 26 Out ak patisipasyon 16 klub.

Tounwa a sa a ap ranplase chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon ak reprezantan 2 klub Kosta Rika, Salvador, Gwatemala, Honduras ak Panama. Kanada, Belize, ak Nikaragwa ap gen yon reprezantan yo chak san bliye 3 reprezantan rejyon Karayib la. 2 meyè pami 4 group yo ap kalifye pou faz dechoukaj la nan yon seri ale/retou. Venkè a ap kalifye pou koup du mond klub yo an Desanm 2009.

Etazuni anonse vil kote rankont semi final eliminatwa koup du mond Afrik du Sud 2010 la. Vil sa yo se Washington, Chikago ak Denver. Avan sa ameriken yo dwe elimine Barbados nan yon seri ale/retou kap kòmanse 15 Jwen nan Karson an Kalifòni. Si Etazuni kalifye lap rankontre swa Gwatemala ou byen Sent Lusi le 20 Out answit Kuba ou Antigua e Barbuda le 6 Septanb.

Responsab football Sud Koreyen yo gen konfyans match kalifikatif koup du mond yo gen pou jwe kont Kore du Nò ap dewoule nan Sewoul malgre Nò Koreyen yo mande FIFA pou rankont la dewoule sou yon teren neut.

Gouvènman Rus la mande fanatik Angle yo pou bwè dlo nan vè e respektè vè lè yap vinn asiste final Lig Chanpyon an Mèkredi pwochen nan vil Moskou ant Manchester United ak Chelsea. Minis Spò Rus la fè konnen yo mobilize plis pase 6 mil polisye pou garanti sekurite rankont la fas a posibilite pou 50 mil fanatik Angle vinn asiste final la.

Tennis

Nunewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifiye pou semi final tounwa tenis dè mèt Hambourg la gras ak yon swif li pase espayòl Fernando Verdasco 6-3, 6-3. Sèb Novak Djokovic kalifye tou apre li elimine espayòl Albert Montanes 6-2, 6-3.

Ameriken Serena Williams abandone tounwa tenis Open Itali a akoz doulè nan do.

Chanpyon Open Ostrali a Rus Maria Sharapova ap ranplase bèlj Justin Henin kòm nouvo numewo 1 mondyal tenis feminen an. Henin te suprann mond spòtif la apre li te anonse retrèt li brid soukou mwens ke 2 semen avan debu tounwa tenis Roland Garos la. Sa fè 4 trièm fwa Sharapova ap klase kòm numewo 1 tenis mondyal feminen. Henin se premye fanm ki pran retrèt li pandan li klase kòm numewo 1 mondyal.

Basketball

San Antonio Spurs wouze New Orleans Hornets 99 a 80 pou fòse yon 7 tièm match nan semi final konferans de Lwès la ki fikse pou Lendi. Nan konferans de Lwès la Boston Celtics gen pou rankontre Cleveland Cavaliers nan kad 6 zièm rankont semi final la konferans la. Celtic ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt. Utah Jazz ap rankontre Los Anjeles Lakers. Lakers yo ap domine seri a 3 viktwa kont 2 defèt.

XS
SM
MD
LG