Accessibility links

Breaking News

Detroit Pistons nan Final Konferans de Lès la


Basketball

Detroit Pistons kalifye pou final konferans de Lès la apre yo kale Orlando Majik 91 a 86. Richard Hamilton make 31 pwen pou pèmèt Detroit ranpòte seri a 4 viktwa a 1. Detroit gen pou rankontre an final venkè seri rankont ant Boston ak Cleveland. Chak ekip yo gen 2 viktwa. Nan konferans de Lwès la New Orleans Hornets danse sou chanpyon sòtan an San Antonio Spurs gras ak yon swif 101 a 79. Hornets yo ap domine seri 7 match la ak 3 viktwa kont 2 defèt.

Tenis

Jwè tenis Bèlj Justin Henin ap abandone sikwi tounwa tenis pwofesyonèl la jodi a akoz fatig ak movèz pèfomans. Anons sa a ap fèt mwens ke 2 semen avan manmzèl defann tit tounwa Tenis Roland Garos la.

Jwè tenis Sèb Ana Ivanovic tonbe fas anba nan tounwa tenis Open Itali a fas a Bulgar Tsvetana Pironkova 6-4, 5-7,6-2. Pironkova, ki klase numewo 64 mondyal, pral rankontre Belarus Victoria Azarenka ki elimine woumen Monica Niculescu. Serena ak Venus Williams kalifye pou 3 zièm tou tounwa a.

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis dè mèt yo kap dewoule nan vil Hambourg an Almay. Federer wouze ak kout rakèt Findlandè Jarkko Nieminen 6-1, 6-3. Federer pral rankontre Swedwa Robin Soderling ki tronpe vijilans franse Jo-Wilfried Tsonga 6-2, 7-5.

Football

Klub football Rus Zenit St Pittersburg ap rankontre an final Unyon Football Eropeyen an klub Ekosè Glagow Rangers nan Manchester an Anglet. Aktyèl antrenè klub Zenit la Olandè Dick Advocaat, ki te antrene Glasgow Rangers soti 1988 a 2000, fè konne lap mete tèt li an plas pandan rankont la.

Avni football Iran nan men tribunal dabritaj spòtif la ki dakò pou l tande demand an apèl Iran fè kont FIFA. FIFA diminye 6 pwen sou klub Iranyen Persepolis akoz yo refuze peye klub yo frè transfè ak ansyen pèsonèl. Si Persepolis pèdu 6 pwen nan chanpyona a sa vle di li pral tren-nen ak 2 pwen dèyè rival li SepahanTribunal la poko fikse yon dat.

Prezidan Rus la Dmitri Medvedev siyen yon arete kap ekzante fanatik kap vinn asiste final Lig dè Chanpyon an antre nan peyi a san viza. Tout sa fanatik yo bezwen montre otorite yo se tikè admisyon pou rankont la ak yon paspò valab. Final la fikse pou 21 Me nan vil Moskou ant Manchester United ak Chelsea. Otrich ak la Swis kap òganize koup dErop dè Nasyon an a soti 7 pou rive 29 Jwen di yo pare pou akeyi konpetisyon an.

Ansyen antrenè franse Roger Lemerre ap ranplase konpatriòt li Henri Michel nan tèt seleksyon Maròk la ak objeftif pou ede Maroken yo kalifye pou koup du mond FIFA/Afrik du Sud 2010 la.

Volleyball

La Chin ranpòte match kar de final tounwa Volebòl kap dewoule nan Jakarta an Endonizi apre viktwa 3 a 0 yo ranpòte devan Tailand. Nan semi final la chinwa yo pral rankontre Malezi ki elimine Japon 3 a 0. Bò kote meda m yo Endonezi kalifye pou semi final la apre li pilon-nen Hong Kong 3 a 0. Endonezyen yo pral rankontre Almay nan demi final la ki li menm elimine Danmak 3 a 0.

Prezidan Federasyon Volebòl Entènasyonal la Meksiken Ruben Acosta anonse demisyon apre 24 tran li pase nan pòs la. Msye Acosta fè konnen lap pran retrèt li apre Kongrè ki gen pou dewoule 16 e 17 Jwen nan Dubai-swa 2 zan avan fen manda l.

XS
SM
MD
LG