Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Deziye a, Ericq Pierre, Depoze Pyès Li nan Chanm Bas la Apre Konfimasyon n nan Sena a.


Nan peyi Dayiti, premye minis deziye a, Ericq Pierre, fè depo pyès li devan manm Chanm Bas la, apre Sena a te ratifye chwa li pou pòs chèf gouvènman an. Misye Pierre remèsye senatè yo pou konfyans yo plase nan li a, e li pwomèt pou l travay seryezman pou l merite konfyans sa a, sizoka Chanm Depite a ta vote nan menm sans ak Sena a. Sou menm dosye a, apre yon rankont yon gwoup depite te fè ak premye minis deziye a, gen nan yo ki fè konnen kandida pou plas chèf gouvènman an pa rive konvenk yo ke li se lòm kil fo pou Ayiti nan moman peyi a ap travèse yon seri kriz konplike, sitou yon kriz manje. An tou ka, depite sa yo pare pou yo etidye dosye Ericq Pierre anvan yo pwononse yo sou chwa a.

Yon lòt kote, Anbasad Dayiti nan Washington ap òganize demen samdi 10 me a yon sware k ap prezante divès aspè kilti peyi a. Youn nan òganizatè aktivite kiltirèl sa a se Régine René ki pale ak VOA sou sa moun pral ka wè nan sware a.

Anfen, ekriven ayisyen Jean Claude Charles --ki pase lontan ap viv nan vil Pari-- mouri mèkredi 7 me a nan kapital Lafrans la. Kòlèg li Jean Métellus, k ap viv an Frans tou, bay VOA detay sou lavi ak lèv misye Charles.

Pou w tande devlopman nouvèl sa yo ak jounalis e korespondan nou yo, klike sou lyen ki anlè a. Bon wikenn tout moun.

XS
SM
MD
LG