Accessibility links

Breaking News

Lidè Sena Ayisyen an Di Deba Sou Ratifikasyon Premye Minis la Pral Tanmen Anvan Lontan


Nan peyi Dayiti: Prezidan Sena a, Doktè Kelly Bastien, anonse Palman an ap tann depo pyès premye-minis deziye a pou peryòd konfimasyon an kòmanse. Sepandan, kèk palmantè deja anonse opozisyon yo ak deziyasyon Ericq Pierre pou pòs chèf gouvènman an, dapre korespondan nou Rotchild François Jr. ki nan Pòtoprens.

Sou menm dosye a, Renan Toussaint di nou palmantè ki kont Ericq Pierre yo bay rezon ki fè yo pare pou fè opozisyon kont apwobasyon nouvo chèf gouvènman an. Yo di li pa "l'homme du moment" e li pral vini ak politik neo-liberal ki pap bon pou peyi d Ayiti.

Fè klik sou ralonj anlè tèks la pou w koute 2 repòtaj yo.

XS
SM
MD
LG