Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò ak Birmani: Peyi Kote Plis Pa Gen Libète Laprès


Freedom House (yon òganizasyon kap defann dwa jounalis e ki baze o Zetazini) fè konnen egzèsis libète laprès te sibi kèk gwo kou anpil kote nan lemond pandan ane 2007 la. Daprè etid gwoup la pibliye chak ane sou libète laprès, 42 pou san moun nan lemond ap viv nan peyi kote libète fondamantal pou laprès bay enfomasyon pa egziste. Tit rapò a se: “2007 : Yon ane Kote Libète Laprès Bese nan Lemond”.

Freedom House te mennen ankèt sou kesyon an nan 195 peyi. Nòt li bay gouvènman nan peyi sa yo varye ant “Lib”, “demi-lib”, e “pa lib ditou."̂ Nòt sa yo baze sou kondisyon legal, politik e ekonomik peyi yo kreye pou jounalis fè travay yo. Daprè rapò a, Kore di Nò se peyi kote gouvènman an kreye klima ki pi malouk pou laprès travay. 2èm pi move peyi a, se Birmani, kote yon gouvènman militè a anba akizasyon deske se tout tan l'ap menase e kraponnen jounalis ak moun ki bay enfòmasyon, lè li pa mete yo nan prizon kareman.

Daprè ankèt Freedom House, peyi ki te gen plis libète laprès lakay yo pandan ane 2007 la, se Fenland ak Island; imedyatman an 3èm e 4èm pozisyon, nou jwenn Dànmak ak Nòvèj.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute tout repòtaj la.

XS
SM
MD
LG