Accessibility links

Breaking News

Prezidan Afghan an Chape Anba Yon Atanta Teroris


Prezidan afghan an, Hamid Karzai, chape san li pa blese anba yon atak Taliban yo lanse pandan yon seremoni ofisyèl tap dewoule nan Kaboul, kapital peyi a. Prezidan an, ansanm ak gwo zotobre nan gouvènman an ak diyitè etranje te kouri kache lè boulèt te frape podium kote yo te reyini pou suiv yon parad militè. Otorite afghan yo di gen 3 moun ki jwenn lanmò nan atanta a e omwen 8 lòt blese. Pami mò yo gen Fazel Rahman Samkanai ki se manm Palman Afghanistan an. Genyen tou yon ti gason 10 zan. Gwoup Taliban an dmèt se li ki lotè zak sila a.

Se nan moman im nasyonal la tap fini e envite yo tapral chita ke kout zam yo te pati. Plizyè santèn patisipan nan seremoni an te plonje vant ba pou evite kout zam. Apre sa, sèvis sekirite yo te evakye Chèf deta a ak loèt zotobre yo, san bliye kòmandan militè ki te sou plas. Kèk tan apre, Hamid Karzai te parèt nan televizyon. Prezidan afghan an di "moun ki komèt atanta sa a se lènmi sekirite ak pwogrè Afghanistan."

Karzai fè konnen fòs militè yo te sènen yo rapidman e arete kèk nan sispèk yo. Seremoni an tap make 16èm anivèsè chit gouvènman Sovyetik yo tap soutni anfas konbatan mudjahedeen afghan yo. Prezidan Hamid Karzai chape anba plizyè tantativ asasina depi li te rive sou pouvwa a nan Kaboul apre kowalisyon entènasyonal Etazini tap dirije a te dechouke rejim taliban an nan fen ane 2001, kòm reprezay pou atanta teroris 11 septanm 2001 yo nan New York ak Washington.

Fè klik sou ralonj anlè foto a pou w koute repòtaj sa a.

XS
SM
MD
LG