Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Prezidan René Préval Ka Nonmen Yon Premye Minis nan Fen Semèn nan


Prezidan René Préval ta sipoze nonmen yon nouvo premye minis disi fen semen sa a, dapre sa pòtpawòl Pati Fizyon an, Micha Gaillard, di Lavwad'lamerik jedi apre midi 24 avril la. Msye Gaillard fè deklarasyon sa a nan yon ''kesyon-repons" avèk kòlèg jounalis Sèvis Kreyòl la, Jean-Pierre Leroy. Gaillard fè konnen prezidan 2 Chanm palman ayisyen an, lidè pati politik yo te fè chita-koze ak msye Préval mèkredi apre midi e yo tonbe dakò pou nominasyon ranplasan premye minis sòtan-an, Jacques Edouard Alexis, ta fèt nan fen semèn nan. Sepandan, Palè Nasyonal la nan vil Pòtoprens pa konfime ni demanti nouvèl la.

Msye Alexis ak tout kabinè ministeryèl la ap kontinye jere afè peyi a depi Sena a te ba l' yon vòt non-konfyans sa gen apeprè 15 jou-vòt ki vinn chavire adminitrasyon li tap dirije a apre yon seri manifestasyon vyolan kont lavi chè te pran lavi 6 moun (pami yo yon polisye Nasyonzini) e fè gwo dega pasi-pala atravè tèritwa ayisyen an.

Antretan, lejislatè yo nan Pòtoprens reyini mèkredi an' asanble nasyonal pou yo fè deba sou kèk konvansyon ak akò ki garanti Ayiti lajan-prete gouvènman an te pase avèk patnè entènasyonal li yo.

Fè yon klik sou ralonj ki anlè atik sa a pou plis

XS
SM
MD
LG