Accessibility links

Breaking News

Lafrans Anonse Li Mete Asistans Alimantè Ayiti A 3 Milyon 800 Mil Euro


Sekretè deta franse nan domèn kooperasyon an, Alain Joyandet, fè konnen la France pral ogmante asistans alimantè lap bay Ayiti apre manifestasyon vyolan kont lavi chè ki te dewoule nan premye semèn mwa avril la e ki te lakòz omwens 6 moun pèdi lavi yo, pami yo yon polisye nijeryan. Msye Joyandet, ki tap fè yon vizit 48 tè an'n Ayiti semèn sa a, anonse peyi li ap ogmante èd alimantè lap bay repiblik karibeyen an--èd kap sòti nan 1,8 euro pou l' rive nan 3,8 millions.

Msye Joyandet ki te fe chita-koze ak prezidan René Préval di li te fè chèf leta ayisyen an konnen Lafrans ak kominote entènasyonal la pa ka tann pou yo wè Ayiti genyen yon nouvo premye minis ak yon gouvènman, paske yo bezwen "moun" pou yo diskite. Responsab kooperasyon Lafrans lan fè konnen li te diskute tou ak msye Préval sou kreasyon kèk pwojè ki ka ede remete agrikilti peyi a sou pye epi pou Lafrans ta redirije yon pati nan finansman lap bay peyi a. Men Joyandet souliyen tou nesesite pou Ayiti rejwenn establite politik. Ale sou ralonj ki sou tèt atik la pou n' koute deklarasyon responsab franse a.

XS
SM
MD
LG