Accessibility links

Breaking News

Pap Benwa XVI Rive Nan Finisman Vizit li a Ozetazini


Chèf Legliz Katolik la rive nan bout vizit li a ozetazini. Dimanch apremidi Pap Benwa XVI chante yon mès devan anviwon 60-mil fidèl ak otorite nan stad bezbòl Yankee Stadium nan New York. Lepap lanse yon apèl anfavè inite pami Katolik women yo e li felisite Etazini kòm yon peyi kote Katolik jwenn libète pou yo non sèlman viv lafwa yo men tou patisipe nan lavi sivik.

Pap Benwa XVI te tanmen jounen an sou anplasman building marasa World Trade Center yo nan New York, ke teroris al-Qaeda yo te kraze ak avyon nan dat 11 septanm 2001. Lepap te pote yon mesaj lapè nan lye sa a ki enspire reverans pou Ameriken yo. Machin Sen Pè a, PapMobil la te desann ranp ki mennen nan nivo pi ba nan anplasman World Trade Center a, kote li te ajenou, priye an silans devan yon gwo bouji ke li te limen apre sa. Epi li te priye pou lapè ak gerizon sivivan ak fanmi viktim atak 2001 yo ki te fèt nan New York Washington ak Pennsylvani.

Chèf Legliz Katolik la di, “O Bondye, ou-menm ki gen renmen, konpasyon ak gerizon, voye je w sou nou, nou-menm ki soti nan plizyè relijyon ak tradisyon pou n’ rasanble isit la jodi a, nan anplasman sa a ki te wè vyolans ak doulè moun pa ta kwè. Nou mande w, nan bonte ou, pou w akòde limyè etènèl ak lapè bay tout moun ki te mouri la a, gason ak fanm vanyan ki te reponn an premye pou sekouri viktim yo, ansanm ak gason ak fanm inosan ki te viktim trajedi sa a tousenpleman paske travay yo oubyen sèvis yo te mennen yo isit la le 11 septanm 2001.”

Apre priyè a, Pap Benwa te rankontre youn pa youn, de douzèn sivivan ak reprezantan fanmi viktim yo. Kèk responsab fè konnen se Lepap menm ki te ensiste pou yo mete vizit nan "Ground Zero" a, anplansman santral atak 11 septanm yo, sou pwogram 3 jou li a nan New York.

Souvren Pontif la ap boukle jodi a misyon sa a li te tanmen nan Washintgon, DC 15 avril pase a. Li gen pou li retounen nan Vatikan lendi 21 avril la.

Si ou kapte Paj Relijyon VOA a dimanch nan pwogram 12:30 la, wa va tande lòt kòmantè sou vizit Pap la.

XS
SM
MD
LG