Accessibility links

Breaking News

Vizit Pap Benwa XVI o Zetazini - Kèk Gran Moman 


Pap Benwa XVI pral mete fen dimanch 20 avril 2008 la nan yon vizit 6 jou o Zetazini. Pandan sejou sa a, Souvren Pontif a te gen yon pwogram chaje kote, nan Washington (ant madi 15 e jedi 17 avril), li rankontre Prezidan George Bush ak manm Konferans Episkopal ameriken an, anvan li te chante yon mès an plennè nan yon gwo stad bezbòl, The Nationals Park.

Vandredi 18 avril, byen bonè nan maten, Souvren Pontif la te kite kapital Lèzetazini an pou li ale New York kote Sekretè Jeneral l’ONU an, Ban Ki-moon, te akeyi li anvan Sen Pè a te pran lapawòl devan Asanble Jeneral òganizasyon mondyal la. Apre sa, Pap la te vizite yon legliz katolik (Legliz Sen Jozèf) ak yon sinagòg; konsa Benwa XVI tounen premye chèf Legliz Katolik ki mete pye nan yon lye dadorasyon jwif o Zetazini.

Nan Samdi 19 la, Pap la chante yon mès byen bonè nan Katedral Sen Patrik la, nan Manhatan, devan plizyè milye moun. Nan fen jounen Samdi a, Sen Pè a pral rekeyi li nan anplasman tou marasa World Trade Center la ki te kraze nan atak teworis 11 septanm 2001 an, anvan li chante yon mès an plennè nan Yankee Stadium. Souvren Pontif la pral retounen nan Vatikan an dimanch 20 avril la apre li va fin pase 6 jou o Zetazini.

Klike sou lyen anlè a pou w koute Ti Koze sou Aktyalite kote nou retrase pou ou kèk moman nan vizit Pap Benwa XVI fè o Zetazini an.

XS
SM
MD
LG