Accessibility links

Breaking News

Ayiti : Sena a Vote Revokasyon Premye Minis Jacques Edouard Alexis


Ann Ayiti, Sena te òganize yon sesyon spesyal samdi 12 avril 2008 la pou l te fè yon vòt kont gouvènman Premye Minis Jacques Edouard Alexis a poutèt sa palmantè yo konsidere kòm yon mank aksyon bò kote otorite yo devan kriz lavi chè k ap trakase peyi a. Kriz sa a te lakòz pèp la pran lari ni nan Pòtoprens ni nan pwovens pou yon seri manifestasyon ki te fè anpil mò ak blese. Nan fen sesyon nan sena a, 16 palmantè vote pou revoke Premye Minis la, tandiske te gen yon abstansyon (Prezidan Sena a, Kelly Bastien). Kounyela a, Prezidan Repiblik la genyen pou l reyini ak prezidan 2 chanm palman an pou yo chwazi yon lòt premye minis.

Yon lòt kote, kèk moman anvan sesyon an nan Sena a, Prezidan René Préval te bay yon konferans pou laprès kote li te kritike desizyon palmatè yo ta pral pran pou yo revoke chèf gouvènman an, paske, daprè Misye Préval, li enjis pou senatè yo lage responsablite kriz la sou do otorite yo. Nan menm okazyon an, lidè ayisyen an anonse gouvènman an pran dispozisyon pou l bese pri diri a nan kad yon plan pou konbat lavi chè a.

Anfen, Depatman Deta ameriken an pibliye yon avètisman kont vwayaj ann Ayiti akoz manifestayon ki dewoule nan jou ki pase yo e ki agrave sitiyasyon sekirite nan peyi a. Pou plis detay sou enfòmasyon Depatman Deta pibliye sou sekirite ann Ayiti e lòt kote nan lemond, ale sou sit entènèt sa a:http://travel.state.gov.

Pou w koute datay 2 premye nouvèl yo avèk korespondan nou Rotchild François Jr., fè klik sou lyen anlè a.

XS
SM
MD
LG