Accessibility links

Breaking News

Tennessee Ranpote 8 tièm Tit li


Basketball

Yè se te tou pa baskètbòl univèsitè ameriken-an pou yo rido-yo tonbe. Tenneessee van-nen Stanford 64 a 48 pou l konsève tit chanpyona nasyonal basketball univèsitè yo kategori feminen. Sa fè Tennessee 8 tièm tit chanpyon li ranpòte nan konpetisyon an. Antrenè a Pat Summitt ranpòte 983 zièm viktwa kòm antrenè.

Nan baskèt pwofesyonèl....NBA-a : Utah Jazz kale New Orleans Hornets 77 a 66 yè swa pou l ranpòte tit divizyon Nòdwès Konferans de Lwès la. Nan lòt rankont Denver Nuggets van-nen Los anjeles Clippers 117 a 99 gras ak 36 pwen Carmelo Anthony make. Viktwa a mete Nuggets tou pre posibilite pou l kalifye pou faz final la. Golden State Warriors te redi avan li kale Sakramento Kings 140 a 132 nan moman yap fè efò pou youn pami 8 plas faz final konferans de Lwès la.

Football

FIFA publiye jodi-a klasman mansuèl li-a . Pa gen twòp chanjman nan ploton de tèt-la avèk Arjantin toujou nemewo 1. Pye-pou-pye avèk 10 pwen dekar , Brezil, devan Itali , Espay, Almay. Rès peyi pou fòme top ten-nan se Republik Tchèk, Frans , La Grès Pòtugal e La Oland. Zòn Konkakaf-la : nou jwenn Meksik an 16e, Etazuni 21e. Ayiti tonbe an 106e pozisyon .Li pèdu 9 plas.

Jodi mèkredi-a , kar de final retou Lig Chanpyon-an ap kontinue : Manchester United ap akeyi AS Wòm. Anglè-yo te ranpòte match ale-a 2 a 0 sou italyen-yo. Shalke 04 ap kontre ak FC Barselòn ki ranpòte yon viktwa tou mens 1 a 0 nan match ale-a . Yè madi-a , Chelsea te jwenn kalifikasyonn apre viktwal 2-0 sou klub turk Fenerbah 2 a 0. Kalifikasyon tou pou Liverpool ki kale Arsenal 4-2 . nan Semi final la Chelsea ap rankontre Liverpool. Gen moun ki deja ap pale de yon duèl Barselòn-Manchester

Dosye Ronaldinyo-Barselòn pran yon lòt dimansyon lè dirijan barselonè fè entènasyonal konnen Barsa pa konte sou li ...sa vle li pap pote mayo ekip la ankò. Gen anpil klub ki pa kache entèrè pou balon dor 2005-la. An tèt de lis nou jwenn Milan Ac , san bliye Manchester City. Roberto de Assis, frè e manadjè Ronaldinyo li kapab patisipe nan diskusyon ak responsab milanè-yo . Nap suiv!

Isit Ozetazuni aswè a D.C United ap akeyi klub Meksiken Pachuka nan kad semi final retou chanpyona KONKAKAF dè klub chanpyon ak vis chanpyon. Pachuka te ranpòte match ale a 2 a 0.

Tennis

Jwè tenis Ameriken Venus Williams, ki ranpot̀e 6 tit gran Shelem, ap pran yon kanpe lwen definitif. Williams deklare li gen kèk pwoblèm li dwe rezoud men toujou gen posibilite pou l retounen nan sikwi tenis entènasyonal la. Pami rezon yo Venus site pwoblèm medikal. Venus Williams pap reprezante Etazuni nan semi final koup konfederasyon an fas a la Rusi nan fen mwa a menm lè li toujou kite yon pòt louvri menm pou l ta patisipe nan tounwa tenis Roland Garos la nan fen mwa Me a.

Federasyon tenis Entènasyonal anonse patisipe nan group mondyal koup Davis la pral gen pwen nan tounwa tenis ATP a pou rankont yo jwe pandan pwochen sezon an. Responsab yo di yo pran desizyon yon fason pou l ankouraje plis jwè tenis gwo kalib patisipe nan tounwa tenis an favè peyi yo.

Dopaj

Prezidan Ajans Anti Dopaj Mondyal la avèti atlèt kap sèvi ak pwodui omòn entèdi nan spò pa patisipe nan je zolenpik Peken yo si yo pa vle kouri risk pou yo kenbe yo. John Fahey deklare jodi a tès sofistike ap pare pou detekete homon kwasans umen yo.

XS
SM
MD
LG