Men yon ranmase sou dosye manifestasyon yo ann Ayiti:
Nan Pòtoprens te gen manifestasyon lendi kote 2 moun mouri pou pipiti dapre yon korespondans Clarens Renois.
Otorite yo anonse yon moun mouri anba bal pandan manifestasyon kont lavichè ki dewoule yè lendi a nan vil Okay. Responsab yo di sa fè 6 moun ki mouri depi leve kanpe yo te kòmanse nan fen semen pase a. Dapre nouvèl yo 20 lòt moun blese pandan lese frape ak solda fòs mentyen lapè Nasyonzini ki kantone nan Sid peyi dAyiti. Nan vil Jeremi korespondan nou Luckner Laguerre fè n konnen lapolis fè plizyè arestasyon yè lendi a.
Pèp souveren te pran la ri nan vil Ti Gwav ak Leogàn kote yo antre nan lese frape ak fòs de lòd yo. Manifestan yo te atake yon baz solda Misyon Nasyonzini pou Stabilizasyon Ayiti genyen nan zòn nan dapre yon korespondans Montigene Sincère
Yon palmantè ayisyen sipòte manifestasyon kap fèt pou fòse gouvènman an bese pri pwodui premyè nesesite yo epi kreye travay. Korespondan nou Yvan Martin Jasmin gen detay depi vil Kapayisyen.
Fè klik sou ralonj ki anlè tèks la pou w koute repòtaj sa yo.