Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Omwens yon Mounn Mouri nan Manifestasyon Kont Lavi Chè


Manifestasyon kont lavi chè dewoule nan plizyè vil ann Ayiti, tankou Pòtoprens, kote korespondan nou Rotchild Francois Jr di nou manifestan yo kraze vit anpil machinn.

Nan vil Okay, Misyon Stabilizasyon Nasyon Zini an evakue senatè Sud la, Gabriel Fotune, aprè manifestan t al esaye atake kay li. Korespondan nou, Jn Hersnt Eliscar, di nou yon moun mouri nan akrochaj yo.

Manifestasyon kont lavi chè fèt tou nan vil Jeremie, selon korespondan nou Luckner Laguerre.

XS
SM
MD
LG