Nan vil Okay, sid peyi Dayiti, lari yo kal pou wikenn nan e popilasyon an repran aktivite nòmal li, aprè manifestasyon vyolan ki te dewoule pandan 2 jou nan semèn nan, jedi ak vandredi 3 e 4 avril 2008 la. Objektif manifestasyon sa yo, daprè òganizatè yo, se fòse gouvènman Préval-Alexis a konbat lavichè a nan peyi a. Nouvèl yo fè konnen gen twa(3) moun ki mouri e anviwon 20 lòt blese lè twoup MINUSTHA te tire sou yon foul ki piye 2 biwo l'ONU genyen o Kay. Enfòmasyon sa a jwenn konfimasyon bò kote korespondan laprès nan vil Okay.
Pou n te gen yon dènye flash sou jan sitiyasyon prezante jounen samdi 4 avril la, nou pran kontak ak direktè nouvèl Radyo Makaya a, Valence Georges. Fè klik sou lyen anlè a pou w koute entèvyou sa a.