Accessibility links

Breaking News

Bahamas ak Bermude Kalifye


Football

Bahamas ak Bermud kalifye pou 2 zièm tou eliminatwa koup du mond 2010 la pou zòn KONKAKAF la. Bahameyen yo ki gen pou rankontre Jamayik nan yon seri ale/retou fè match nul 2 a 2 ak Il Vyèj Britanik yo. Bahameyen yo kalifye sou gòl make an deplasman. Bermude jwen tikè l apre li wonfle zile Kayiman yo 3 a 1 pou l al rankontre Trinidad and Tobago.

Isit Ozetazuni, se Samdi 13 zièm edisyon chanpyona nasyonal football balonwon ameriken an demare D.C United tonbe 2 a 0 fas a Kansas City Wizards. Match kle jounen an se te rankontre Los Anjeles Galaksi kont Kolorado Rapids--Rapids yo wonfle Galaksi ak tout David Beckham ak yon swif 4 a 0. David Beckham ki antame 2 zièm sezon nan L A Galaksi espere wè yon amelyorasyon nan pandan dure chanpyona a ak objektif pou ekip la kalifye pou faz final la.

Sou kontinan Eropeyen an an Espay Real Madrid pran distans li nan chanpyona apre viktwa 3 a 1 li ranpòte devan Seville. FC Barselòn tonbe 3 a 2 devan Real Betis. Deportivo la Corogne ranpòte yon bèl viktwa 3 a 1 devan Murcia. Real Mallorca wouze Valencia 3 a 0. Racing Santander raproche l pou yon plas nan lig dè chanpyon Eropeyen an apre li kale Espanyol 3 a 0. Lenvante sou wout pou l desann nan 2 zièm divizyon apre defèt 2 a 1 yo subi devan Almeria.

An Frans Olympik Lyon ranpòte yon viktwa 2 a 1 devan Valanciennes pou l rete nan kous pou yon 7 tièm tit afile. Ak 67 pwen pou 31 rankont Olempik de Lyon gen 9 pwen devan Gironden de Bordo. Gironden de Bordo kale Nancy 2 a 1. Olenpik de Marseille konsève chans pou l fini pami 3 premye yo apre viktwa 2 a 1 li ranpòte devan Lorient.

An Angletè Chelsea toujou kenbe presyon sou Manchester United apre viktwa 1 a 0 li ranpòte devan Middlesbrough.

Federasyon Football Azerbaijan an non-men ansyen antrenè Alman Berti Vogts kòm nouvo antrenè seleksyon an. Vogts, kap siyen yon kontra 2 zan, te demisyone kòm antrenè Nijerya apre ekip la te elimine bonè nan koup d'Afrik dè nasyon an.

Antrenè Seleksyon Angle a Italyen Fabio Capello nan pwoblèm ak la justis peyi a akoz li pat pataje ak otorite yo enfòmasyon li konnen sou presyon ki tap fèt sou jwè ak dirijan nan chanpyona Italiyen an. Capello te deklare bay tribunal la li pa janm gen anyen pou wè ak kontra jwè yo e li pa janm tande oken jwè plenyen sou presyon yap subi.

Responsab Unyon Football Eropeyen an anonse vil Wòm kapab pèdu dwa pou l akeyi final dè chanpyon Eropeyen 2009 la si vyolans yo kontinye nan kar de final ant AS Wòm Manchester United kap jwe demen Madi a.

Yon lòt kote otorite Malezyen yo anonse kapab leve entèdiksyon pou pèmèt antrenè Izrayelyen Avram Grant kap antrenè klub Angle Chelsea ak mitan teren klub la Tal Ben Haim pou yo patisipe nan mini toune Azyatik klub la gen pou fè. Malezi pa gen relasyon diplomatik ak Izrayèl e tout sitwayen Izrayelyen ki vle vizite peyi a dwe gen yon pèmisyon espesyal.

Atletisme

Kourè de fon britanik Dwain Chambers pwomèt pou l kontinye lite entèdiksyon olenpik kap peze sou li menm lè lap jwe Rugby kounye a. Chambers deja purje yon pè n 2 zan pou uzaj steroyid. Msye ap talonnen yon lwa Olenpik ki entèdi pou la vi duran tout atlèt ki ta komèt yon vyolasyon dopaj grav. Kourè Britanik la di li toujou espere kouri pou la Grand Bretay pandan je zolenpik Peken yo ane sa a. Avoka kap defann enterè atlèt di lap konsidere plan pou l ale nan tribunal suprèm peyi a pou kase entèdiksyon an.

Basketball

Tounwa basketball Univèsitè yo redui ak 4 ekip apre dènye final rejyonal yo ki jwe yè dimanch la. Kansas te fè anpil efò pou l elimine revelasyon tounwa a Davidson ak yon viktwa de justès 59 a 57. 4 venkè rejyonal yo ap mete tèt pou San Antonio Tekzas kote semi final tit nasyonal la pral dewoule. Samdi Kansas pral rakontre ak Karolin du Nò epi Memphis kont UCLA. Se premye fwa 4 tèt de seri numewo1 yo kalifye pou semi final tounwa basketball Univèsitè yo Mars an Foli. Final la fikse pou 7 Avril toujou nan Atlanta.

Boston Celtics wouze Miami ak yon viktwa 88 a 62. Gliden state Warriors te fè anpil efò avan li kale Dallas Marvericks 114 a 104-viktwa ki mete 2 ekip yo a egalite pou 7 tièm plas la nan konferans de Lwès la ansanm ak Denver Nuggets nan moman manke mwens ke 3 semen pou sezon regulye a fini. Washington Wizards tonbe devan Los Anjeles Lakers an pwolongasyon 126 a 120.

Baseeball

Washington National inogure nouvo stad yè Dimanchla ak yon viktwa 3 a 2 yo ranpòte devan Atlanta Braves. Prezidan Bush te lanse premye balon nan stad flanban nèf la 611 milyon dola. 41 mil fanatik te fè deplasman an.

Olempik

Prezidan Chinwa a Hu Jintao lanse ofisyèlman relè flanbo olenpik la nan yon seremoni ki dewoule sou plas Tianamen nan nan Peken. Tòch la gen pou l kouvri yon distans 137 mil kilomèt pandan 130 jou. Responsab yo gen kè sote pou manifestasyon kap fèt pou okipasyon la Chin nan Tibet pa deranje parkour tòch la.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal feminen an bèlj Justine Henin kalifye pou 4 trièm tou tounwa tenis Open Ericsson nan kap dewoule tou pre vil Miami Florid.

Cyclisme

Siklis ameriken Jennie Reed ranpòte dènye etap koup du mond kous bisiklèt ki tap dewoule nan Manchester.

XS
SM
MD
LG