Sena ayisyen an nonmen yon nouvo Vis-Prezidan, plis pase yon semèn apre yo te mete deyò Senatè Rudolph Boulos ak Ultimo Compere poutèt yo ta sitwayen etranje. Se Senatè Andrice Riché ki Vis-Prezidan kounye a nan plas Rudolph Boulos. Clarens Renois gen yon repòtaj depi Pòtoprens.
Pandansetan, Chanm Depite Ayiti a kreye yon komisyon espesyal pou mennen ankèt sou nasyonalite tout palmantè nan chanm bas la. Prezidan Chanm Depite a, Pierre Eric Jn-Jacques, di Lavwadlamerik komisyon sa a pral kòmanse travay san pèdi tan. Li te pale ak kolaboratè nou Jn-Pierre Leroy.
Fè klik sou ralonj ki anlè foto a pou w koute repòtaj sa yo.