Accessibility links

Breaking News

Hugo Sanchez Fè Konnen li Pap Demisyone


Football

Antrenè seleksyon nasyonal olenpik ak Seniò Meksiken an Hugo Sanchez fè konnen li pap demisyone nan pòs malgre li pa rive ede seleksyon Olenpik la kalifye pou je zolenpik yo. Nouvèl ki soti an Afrik du Sud fè konnen peyi a ap depanse 3 milya 700 milyon dola pou l akeyi koup du mond football FIFA. Responsab yo espere atire prèske yon demi milyon vizitè pou konpetisyon an.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini mande fanatik football Angle yo pou kontinye kouche an kwa kont etranje ki vle achete klub football angle yo. Platini ki tap pale nan Machester deklare li kwè anpil gwo klub ta renmen gen yon pwoprietè ameriken. Ameriken yo deja posede Manchester United, Liverpool, Aston Villa ak Derby County. Sou yon total 20 klub ki genyen nan lig premyè divizyon angle a--9 pami yo se pou etranje. DApre Ajans Nouvèl Associated Press Michel Platini kwè klub yo reprezante idantite vil la.

Ansyen vedèt football arjanten Diego Maradona kritike desizyon FIFA pran pou l entèdu match football jwe an altitud a mwens ke jwè yo gen ase tan pou yo adapte yo. Maradona fè kritik yo sa yo nan moman li tap jwe yon match de charite nan Bolivi ansanm ak prezidan Evo Morales an prezans 30 mil fanatik. Stad nasyonal Bolivi ki situe a 3 mil 600 mèt pap kapab akeyi oken rankont entènasyonal.

Dapre nouvo règleman yo yon seleksyon ou byen yon klub footbal kapab jwe nan yon altitud ki depase 2750 mèt si ekip vizitè gen yon semen adaptasyon. Plis pase 3 mil mèt ekip la dwe adapte pandan 2 semen. Etan done klub yo libere jwè yo sèlman 5 jou avan yon rankont foootball--donc desizyon an otomatikman pap pèmèt yon rankont dewoule an altitud.

Seleksyon football Itali a ap rankontre Beljik nan vil Florans 30 Me kap vini la a nan kad dènye match preparatif avan dewoule Ero 2008 yo

Je Zolympic

Ameriken Patrick McEnroe demisyone kòm kapitè n seleksyon tenis Olenpik Ameriken an ki pral patisipe nan je zolenpik yo. Desizyon an pran kèk jou apre ameriken Andy Roddick anonse li pap reprezante Etazuni nan je zolenpik yo akoz li vle prepare pou tounwa tenis US Open nan dènye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.

Prezidan Komite Olenpik Entènasyonal la Jacques Rogge di juska prezan oken gouvènman poko lanse apèl pou boycote Je Zolenpik Peken yo akoz fason la chin ap jere leve kanpe ki gen nan Tibet. Deklarasyon sa a fè apre minis spò Eropeyen yo ak komite Olenpik yo pwononse yo kont boykotaj je yo.

Atletisme

Detantè rekò du mond Maraton Haile Gebrselassie konfime desiyon pou l patisipe nan kous maraton pandan dewoulman je zolenpik yo akoz pwoblèm polusyon, chalè ak umidite ki gen nan je yo. Gebrselassie di pou kounye a li pral konsantre l pou l kalifye pou kous 10 mil mèt la.

Natasyon

Supriz nan premye tou chanpyona du mond natasyon an kap dewoule nan Eindhoven an Oland. Chanpyon olenpik 4 fwa Ukrenyen Yana Klochkova elimine nan kalifikasyon kous 400 mèt endividuèl la.

Basketball

New Orleans Hornets toupizi Chikago Bulls 108 a 97 gras ak Chris Paul ki make 37 pwen epi fè 13 pas ki make pwen. Mike Dunleavy make 36 pwen pou ede Indiana Pacers wouze New York Knicks 110 a 98. Orlando Majik te fè anpil efò avan li kale Cleveland Cavaliers 104 a 90. Atlanta Hawks suprann WAshington Wizards 105 a 96. Boston Celtic remonte yon defisi pou l kale San Antonio Spurs 93 a 91.. Memphis Grizzlies mete nan fen 4 defèt afile li sot subi nan NBA a apre li kale Charlotte Bobcats 98 a 80.. Los Anjeles Clippers tonbe devan Minnesota Timberwolves 99 a 90 epi Utah Jazz ranpòte 19 viktwa afile a domisil apre li wouze Toronto Raptors 96 a 79.

Chanpyona basketball Univèsitè yo kategori feminen ap demare 22 Mas nan 4 rejyon. Univèsite Connecticut trouve l nan Greensboro Nortch Carolina. Univèsite Maryland se tèt de seri numewo 1 nan Spokane Washington. North Carolina pral nan New Orleans epi Tennessee se tèt de seri numewo 1 Oklahoma City.. Semi final Nasyonal la ap jwe nan Tampa an Florid le 16 Avril. Final pou tit nasyonal la fikse pou 18 Avril toujou nan Tampa.

Tennis

Chanpyon sòtan tounwa tenis Indians Wells espayòl Rafael Nadal kalifye pou kar de final tounwa a apre li kale adolesan ameriken Donald Young 6-1, 6-3. Lòt kalifye yo se franse Richard Gasquet, ameriken James Blake. Bò kote meda m yo franse Marion Bartoli elimine alman Angelique Kerber 6-3, 7-6. Rus Vera Zvonareva, Italyen Francesca Schiavonne figure pami jwè ki kalifye pou pwochen tou a.

XS
SM
MD
LG