Direktè Jeneral Ladwann Pòtoprens la, Jean-Jacques Valentin, demanti enfòmasyon ki soti nan laprès entènasyonal la kòmkwa gouvènman ayisyen an ta lakòz konntenè manje k'ap pouri nan pò Miami ak peyi d Ayiti yo. Msye Valentin di Lavwadlamerik pa gen lantè adimistrativ. Se pwopagann moun ki nan fè kontrebann yo.
Sepandan, nouvèl ki soti nan rezo televizyon ajans Associated Press ak lòt media isit Ozetazini nan semèn nan fè konnen anpil konntenè manje kontinye ap gate nan pò Miami, Kap-Ayisyen, ak lòt vil pwovens nan peyi d Ayiti akòz lantè administrativ ak konsantrasyon pouvwa nan Direksyon Jeneral Ladwann Potoprens.
Pou w ka koute deklarasyon Jn-Jacques Valentin fè nan mikwo Jn-Pierre Leroy, fè klik sou ralonj ki anlè tèks la.