Accessibility links

Breaking News

Dosye Imigrasyon: Sitiyasyon Ayisyen Nan Florid Pa Miyò


Yon ti kras plis pase yon mwa depi Prezidan René préval te mande Prezidan George W. Bush ofisyèlman pou li akòde Ayisyen san papye yo TPS, kidonk yon pwoteksyon tanporè pou yo pa depòte yo ale ann Ayiti, sitiyasyon moun ki ilegal yo pa chanje. Okontrè.

Responsab yon òganizasyon ki rele FANM (Fanm Ayisyen Nan Miami) fè konnen toujou gen yon bann ak yon pakèt konpatriyòt ki nan kache, gen lòt ki nan prizon, e poko gen siy ke sa pral vin miyò ni pou youn ni pou lòt nan 2 gwoup sa yo. Direktris FANM nan, Marlène Bastien, lanse yon apèl bay Ayisyen ki nan peyi yo pou yo pa riske vi yo nan kanntè paske menmsi yo ta rive touche tè a, yo pap' benefisye nan TPS la.

Fè klik sou ralonj ki anlè tèks la pou w ka koute yon repòtaj Yves Mompremier.

XS
SM
MD
LG