Accessibility links

Breaking News

FIFA Pwononse l sou Rankont 2 Kore yo


Football

Kore du Sud ak Kore du Nò mete yo dakò pou jwe yon match kalifikatif koup du mond an Chin mwa sa a anba medyasyon FIFA. Match la ki te dwe jwe nan Kore du Nò deplase apre refu Kore du Nò pou l akspete Kore du Sud jwe im nasyonal ak pou drapo Sud Koreyen flote nan syèl Kore du Nò. Apre chita pale yo te echwe FIFA te enfòme federasyon 2 peyi yo desizyon pou match la jwe nan Shangai le 26 Mas. 2 peyi kapab jwe im nasyonal yo epi monte pwòp drapo yo.

Seleksyon Olenpik Nouvèl Zeland pratikman kalifye pou faz final la Je Zolenpik yo apre viktwa 2 a 0 li ranpòte devan Zile Salomon yo. Nouvèl Zeland bezwen yon nul lè lap rankontre Cook Island Dimanch pou l kalifye. Cook Island ki tonbe 6 a 0 devan Papua Nouvel Gine,deja ankese 30 gòl san li pa make youn.

Klub football alman Bayern de Munik sanvonen klub Bèlj Anderlecht 5 a 0 nan match ale koup UEFA a. Olenpik de Marseille wouze Zenit Snt Petersburg 3 a 1 pandan ke PSV Eindovhen ranpòte yon viktwa tou mens devan Tottenham 1 a 0. Klub Italyen Fiorentina kale Everton 2 a 0 epi Bolton fè match nul 1 a 1 ak Sporting de Libon. Getafe kale Benfica de Lisbòn 2 a 1. Rangers kale Werder de Brem 2 a 0. Bayer Leverkusen kale Hambourg 1 a 0. Match retou a fikse pou Mèkredi ak Jedi pwochen. Tiraj osò pou kar de final la fikse pou Vandredi.

Meksik fè match nul 0 a 0 ak Findland yè swa nan kad yon match chofe jarèt ki jwe nan Frisco, Tekzas. Òganizatè koup du mond Afrik du Sud la fè konnen yap kòmanse vann 120 tikè a meyè mache pou pèmèt malere yo asiste match koup du mond la. Tikè yo ap kòmanse vann nan mitan ane 2009 la.

Federasyon Football Tunizi a kontakte 4 antrenè franse pou ranplase Roger Lemerre ke kontra l ap ekspire an Jwen pwochen. Antrenè sa yo se Jean Tigana, Luis Fernandez, Guy Stephan ak Vahid Halilhodzic.

Antrenè Manchester United Alex Fergusson fè konnen li pare pou l demisyone nan tèt ekip la disi 3 zan. Fergusson te supoze demisyone an 2005 men li te chanje lide e kounye a lap pare pou l kraze yon kite sa an 2011. Fergusson ede Manchester United ranpòte 18 trofe depi li pran kontwòl klub la an Novanm 1986.

Prezidan FIFA a Sepp Blatter mande entèdiksyon avi ak akuzasyon kriminèl pran kont footbalè ke la justis jwen koupab pou bosal. Blatter rete kwè antrenè yo menm jan ak jwè yo koupab akoz antrenè pafwa mande jwè yo pou ranpòte la viktwa kèlkeswa pri a. Premye Minis espayòl a Jose Luis Rodriguez Sapatero mande federasyon football peyi a pou koube l devan la lwa epi òganize eleksyon antisipe.

Deklarasyon sa a fèt nan moman tansyon ap monte ant gouvènman an ak FIFA ki menase pou l radye tout klub ak seleksyon nasyonal la nan konpetisyon entènasyonal la si gouvènman pa sispann foure bouch li nan zafè federasyon an. Federasyon di lap òganize eleksyon an Novan m kontrèman ak desizyon gouvènman an ki mande tout federasyon ki pap patisipe nan je zolenpik yo pou òganize eleksyon antisipe avan mwa Out la.

Footbalè lejandè brezilyen Pele ki pat prezan lè FIFA tap anonse brezil kòm peyi òganizatè koup du mond 2014 la, fè pati komite òganizatè a dapre deklarasyon li fè nan chèn televizyon O Globo publiye.

Tennis

Espayòl Feliciano Lopez kalifye pou final tounwa tenis Dubai la apre li elimine Rus Nikolay Davydenko 6-4, 4-6, 7-5. Lopez pral rankontre venkè rankont kap dewoule ant ameriken Andy Roddick ak Sèb Novak Djokovic.

Serena ak Venus Williams ap rankontre ansanm nan semi final tounwa tenis Bangalore kap dewoule an End.

Jwè tenis lejandè ameriken Jimmy Conors mete l dakò ak Andy Roddick pou l pa antrene l ankò akoz difikilte pou l plede vwayaje

Atletisme

Chanpyona du mond atletis an sal la ap demare jodi a nan Valans an Espay ak patisipasyon atlèt Britanik Dwain Chambers ki sot purje yon suspansyon pou dopaj. Chambers ap patisipe nan final kous 60 mèt la jodi a. Gen 8 final ki fikse pou demen. Konpetisyon an ap fini Dimanch.

Olympics

La Chin fè konnen lap rekonpanse pwopriyetè machin akoz entèdiksyon pou yo pa sikile pandan dewoulman konpetisyon an.

Basketball

Tracy McGrady make 31 pou ede Houston Rockets ranpòte 17 tièm viktwa afile l nan NBA a-viktim nan se Dallas Marvericks ki pèdu 113 a 98. Nan lòt rankont San Antonio Spurs wouze Indiana Pacers 108 a 97 pou l ranpòte 11 zièm viktwa afile l. Chikago Bulls kale Cleveland Cavaliers 107 a 96 malgre Lebron James make 39 pwen.

XS
SM
MD
LG