Accessibility links

Breaking News

Prezidan Ajantin nan, Cristina Fernandez de Kirchner, Rankontre Prezidan Préval nan Pòtoprens nan Dat Jedi 6 Mas la


Prezidan peyi Ajantin nan, Cristina Fernandez de Kirchner, rankontre avèk Prezidan René Garcia Préval, nan palè nasyonal la nan Pòtoprens, nan jounen jedi 6 mas la. Rankont sa a te sou pwogram yon vizit kèk èdtan chèf deta Ajantinn nan fè ann Ayiti pandan li te sou wout pou Santo-Domingo, kapital Repiblik Dominikèn, kote Madan de Kirchner pral asiste Somè Gwoup Rio a. Clarence Renois ban nou kèk detay sou pasaj Prezidan Ajantin nan nan kapital Ayiti a.

Yon lòt kote, reyaksyon pozitif tonbe aprè Gwoup Rio a finn anonse adminisyon peyi Dayiti kòm manm total-kapital enstitisyon rejyonal la. Pami pèsonalite ki bay VOA opinyon yo sou dosye a, genyen ansyen Premye Minis ayisyen Gérard Latortue ki reponn kesyon Jean-Pierre Leroy.

Anfen, nan yon lokalite ki pa lwen ak vil Ti Gwav, 2 gwoup abitan ap goumen pou jesyon yon fon lajan Leta Ayisyen te debloke pou reyalizasyon yon pwojè devlopman. Montigène Sincère di nou plis sou kèk ensidan grav mezantant sa a pwovoke nan rejyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG