Accessibility links

Breaking News

Konfli Venezuela-Kolonbi-Ekwatè: Reyaksyon L'OEA ak Washington


Prezidan Hugo Chavez menase pou li koupe lyen komèsyal ki egziste ant Venezuela ak Kolonbi, akòz atak militè Bogota te lanse semèn pase a sou yon baz geriya FARC la, sou teritwa peyi Ekwatè, ki se yon alye msye Chavez. Hugo Chavez lanse menas la jodi a nan Caracas, pandan yon konferans-de-près ansanm ak Prezidan Ekwatoryen an, Rafael Correa.

Yè mèkredi a, Prezidan Chavez te deklare ke Venezuela pap chèche yon konfli ame ak Kolonbi. Msye Chavez di: "Venezuela se yon peyi pasifik e anyen pa pral detounen l' sou vrè wout lapè a."

Nan Mezon Blanch, Sekretè biwo près prezidan Bush la, Dana Perino, di pozisyon Carakas nan konfli a, ak deplwaman twoup li yo pouse moun poze kesyon sou entansyon gouvènman Chavez la.

Yè mèkredi a, L’OEA te fè deba sou kriz la. Peyi-manm yo dakò pou di atak Kolonbi lanse samdi a se yon vyolasyon souverènte Ekwatè, men yo pa kondane gouvènman kolonbyen an ofisyèlman. Diplomat yo dakò tou pou L’OEA voye yon misyon al’ mennen ankèt sou ensidan an.

XS
SM
MD
LG