Accessibility links

Breaking News

Funeray Nasyonal pou Manno Sanon


Football

Gouvènman ayisyen an konvenk fanmi Manno Sanon pou yo chante funeray li an Ayiti malgre ansyen footballè te prefere yo antere l nan Orlando Florid kote madam ni ak pitit li abite. Dapre nouvèl yo funeray la ap chante nan stad Sylvio Cator kote Mannon Sanon te konn fè publik la kanpe sou 2 pye l ak la jwa. Si pa gen chanjman ki fèt nan pwotokòl la funeray la ap chante Mèkredi apre yon premye seremoni dewoule nan Orlando Florid kote li mouri sa gen yon semen ( Jeudi 21 Fevriye). Answit yap boule kadav la epi renmèt sann nan bay fanmin kap retounen nan Orlando ak li.

Obsèvatè yo ta renmen ansyen gadyen d bu seleksyon Italyen an Dino Zoff ta dwe asiste funeray la kòm envite espesyal. Sanon se premye footballè ki te bay Zoff yon gòl apre 1,142 minit san li pat janm ankese yon gòl sou plan nasyonal e entènasyonal.

Nouvèl ki soti nan Addis Abeba fè konnen gouvènman Etyopyen an rejte tantativ FIFA ap fè pou l retounen nan pòs li prezidan federasyon football peyi a ki revoke. Responsab reproche FIFA yo di kap pran pozisyon nan yon dosye san li pa analize rezon ki dèyè desizyon an. Otorite yo FIFA yo poko reyaji.

Prezidan Unyon Football Eropeyen an Michel Platini fè konnen li te oblije mete presyon sou peyi òganizatè kap akeyi an tandè m koup dErop la an 2012. Ukrèn ak Polòy ap akeyi pou la premyè fwa 16 peyi kap kalifye pou konpetisyon an.

Lig Football balonwon ameriken an ajoute yon lòt klub an lig la a pati de sezon 2010 la. Nouvo klub, kap soti nan zòn Filadelfi pral jwe nan yon stad 18 mil 500 plas.

Antrenè Espayòl Javier Clemente fè konnen li pa bezwen abite totalman an Iran pou l antrene seleksyon nasyonal-la deklarasyon ki kontrè ak nouvèl chèn televizyon Iranyen publiye pou di Clemente aksepte ekzijans Federasyon Football Iranyen pou l rezide nan peyi a. Semen pase a Clemente ki nan chomaj te rejte kondisyon dirijan Iranyen yo.

Je Zolenpik

Sekretè Afè Etranjè Britanik la David Miliband fè konnen li soulve kesyon dwazumen nan okazyon chita pale li te genyen ak responsab chinwa yo men li di kesyon sansib sa a pa dwe fè entèfere nan je zolenpik Peken yo an 200.. Minis la di konfwontasyon olye de izolman se meyè fason pou abòde pwoblèm nan.

Dopaj

Federasyon leve d pwa Ostralyen enpoze yon entèdiksyon 2 zan kont Ostralyen Christ Rae ki te ranpòte meday dò pandan se Commonwealth yo apre li te teste yon 2 zièm fwa pou Canabis.

An palan de dopaj 4 pi gwo lig pwofesyonèl ameriken--Football zèpòl kare, Baseball, NBA ak Hockey sur glas mande kongrè ameriken an isit Washington yo pa bezwen entèvansyon gouvènman an pou dikte yo fason pou yo fè fas ak pwoblèm dopaj nan disiplin. Jwè yo pat prezan pandan seyans depozisyon ki dewoule yè Mèkredi a devan kongrè ameriken an.. Patisipan yo chache konvenk kongrè ke yo deja franchi etap pou anpeche dopaj fè an disiplin spòtf yo. Delege yo di yo prefere fè yon tès urin olye de tès sanguen.

Bò kote pa l Responsab Ajans Anti Dopaj Mondyal la di yon tès anti dopaj pou detekte Hormòn Kwasans Umen ( HGH) ap disponib pandan dewoulman je zolenpik Peken yo. Responsab la di yo kapab detekte prezans dròg la plis pase 48 thè apre konsomasyon.

Atletisme

Kourè Kenyan Robert Kipkoech Cheruiyot anonse lap patisipe nan maraton Boston an kote li pral eseye tounen premye Kenyan ki ranpòte konpetisyon pou yon 4 trièm fwa pandan 112 zan. Maraton an ap dewoule 21 Avril.

Basketball

Boston Celtics suprann Cleveland Cavaliers 92 a 87 malgre Lebron James make 26 pwen pou l tounen pi jè n jwè nan NBA a ki make 10 mil pwen. Utah Jazz remonte yon defisi 15 pou l wouze Detroit Pistons 103 a 95. New Orleans Hornets benyen Phoenix Suns 120 a 103. Chikago Bulls, New York Knicks, Toronto Raptors, Philadelphia Eagles, Toronto Raptors, Atlanta, Denver tout ranpòte la viktwa.

XS
SM
MD
LG