Accessibility links

Breaking News

Faz Final Eliminatwa Je Zolenpik yo Fikse


Football

Seleksyon football feminen ameriken an tonbe nan menm group ak Meksik ak Jamayik apre tiraj osò ki dewoule yè Lendi a nan New York pou je zolenpik Peken 2008 yo. Lòt group la gen ladann Kanada, Kosta Rika ak Trinidad and Tobago. Tout rankont yo ap dewoule nan vil Meksiken Juarez tou pre El Paso Tekzas. Ameriken yo ap louvri tounwa a kont Jamayik 4 Avril avan yo rankontre Meksik le 6 Avril. 2 premye nan chak group ap rankontre nan semi final epi venkè yo ap reprezante rejyon KONKAKAF la apre yo finn jwe final la.

7 seleksyon sou yon total 12 deja kalifye pou faz final la nan vil Peken--se Arjantin, Almay, Norvèj, la Swèd, Japon, Kore du Nò ak la Chin. Lòt reprezantan yo ap soti an Afrik, ak oseyani. Brezil gen pou l rankontre peyi ki klase 2 zièm sou kontinan Afriken nan yon match de baraj 19 Avril.

Vedèt football angle DAvid Beckham ak Los Anjeles Galaksi ajoute yon 3 zièm rankont nan tounwa yap fè sou kontinan Azyatik la. Galaksi ap kòmanse toune Azyatik la Samdi kont FC Sewoul nan Kore du Sud avan yo ale nan Shangai kote yap rankontre yon klub lokal le 5 Mas epi Unyon Football Klub de Hong Kong le 9 Mas. Los Anjeles Galaksi ap louvri sezon an le 29 Mas kont Kolorado Rapids.

Espay kapab pa patisipe nan faz final Koup dEròp dè Nasyon an se gouvènman kontinye ekzije federasyon an pou l fè eleksyon avan manda komite a fini. Responsab espayòl yo mande tout federasyon ki pap patisipe nan je zolenpik yo pou òganize eleksyon disi Novanm. Dapre yon règleman FIFA gouvènman yo pa kapab entèvenu pou dikte federasyon Football yo sa pou yo fè-non plis tou li pa kapab enpoze yon komite nan tèt federasyon an ki pa soti nan eleksyon. FIFA gen plizyè dosye li gen pou l pwononse l nan kad entèvansyon gouvènman an nan zafè federasyon yo.

Kore du Sud ak Kore du Nò mande konkou FIFA nan kad yon rankont ki gen pou jwe ant 2 seleksyon yo nan Pyong Yang 26 Mas apre chita pale ant pati konsène echwe. Kesyon ki nan sant deba a se im nasyonal ak kesyon drapo ant 2 peyi yo. Federasyon Nò Koreyen an vle sèvi ak yon drapo komen epi jwe yon mizik Folklorik-Kore du Sud gen pozisyon diferan ki rejwen pozisyon FIFA.

Federasyon Football Irakyen an anplwaye yon Irakyen pou ranplase antrenè Novejyen Egil Olsen ki revoke apre match nul Irak fè ak la Chin nan kad match eliminatwa koup du mond football FIFA 2010 la. Irak gen pou rankontre Katar le 26 Mas nan kad match kalifikatif koup du mond pou zòn Azyatik la.

Basketball

Washington Wizards ranpòte yon viktwa de justès 95 a 92 devan New Orleans Hornets gras ak 3 pwen Deshawn Stevenson make nan fen tan reglemantè a. Stevenson make 33 pwen nan viktwa a. Nan lòt rankont Boston Celtics wouze Los Anjeles Clippers 104 a 76. San Antonio Spurs te fè anpil efò avan li kale Atlanta Hawks 89 a 74. Toronto Raptors ranpòte yon viktwa tou mens devan Indiana Pacers 102 a 98. Dallas Marverics ranpòte yon viktwa 102 a 94 devan Chikago Bulls pandan Denver Nuggets tonbe devan Detroit Pistons 98 a 93.

Ekip basketball maskulen Univèsite Tennessee klase numewo pami univèsitè apre viktwa 66 a 62 li ranpòte devan Memphis Samdi swa pou mete yo ak yon palmarès 25 viktwa 2 defèt.

XS
SM
MD
LG