Minis Kanadyen pou Kowoperasyon Entènasyonal la (pòs ki koresponn ak fonksyon Minis Afè Etranjè nan lòt peyi) ap vizite Pòtoprens depi Jedi 21 fevriye a. Pandan sejou chèf diplomasi kanadyèn nan ann Ayiti, l ap pwofite fè virewon nan kèk pwojè ACDI (Ajans Kanada pou Devlopman Entènasyonal ) finanse, epi l ap evalye bezwen Ayiti nan domèn kowoperasyon entènasyonal la.
Yon lòt kote, reprezantan Bank Entè-Ameriken pou Devlopman nan Pòtoprens, Philippe Dewe, deklare enstitisyon an pare pou l finanse kèk pwojè konstriksyon wout ann Ayiti. Daprè Misye Dewe, Kanada deja ofri yon don 70 milyon dola pou reyalizasyon pwojè sa yo.
Yon lòt pwen k ap domine aktyalite a ann Ayiti, se kesyon pou konnen eske Chanm Depite a dwe vote pou mande Premye Minis Jacques Edouard Alexis kite pouvwa a akoz kriz ekonomik grav peyi a ap travèse a. Kesyon sa a lage divizyon nan mitan klas politik la e menm nan kèk lòt segman sosyete a.
Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvè l sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.