Accessibility links

Breaking News

Youn Pami Glwa Football Ayisyen nan Ane 70 yo Mouri Maten an


Football

Ansyen footballè e antrenè seleksyon nasyonal Ayiti Manno Sanon mouri maten an nan Orlando eta Florid dapre nouvèl jounal an liy Ayiti.net publiye. Menm apre retrèt li Manno Sanon, ki tap soufri ak maladi kansè, se te yon pasyone football. Mano Sanon te make pasaj li nan football ayisyen an dabò nan Don Bosco de Petion Ville avan li te fè pati seleksyon nasyonal la ke li te ede kalifye pou la premyè fwa nan koup du mond football Almay an 1974. Philippe Vorbes di nou se yon atakan ki te fè defansè yo wè tout koulè tèlman li te konn drible.

Sanon te pran nesans le 6 Jwen 1951. Msye te make 106 gòl pandan karyè l pami yo 47 pandan 4 tran li pase kòm atakan seleksyon an. Youn pami aksyon prezidan ayisyen an Rene Preval fè pandan li sou pouvwa a se yon seremoni li te fè nan Palè Nasyonal kote li te akeyi seleksyon 74 la pou l rann yo yon omaj pou fason yo te reprezante non sèlman Ayiti men Karayib la nan yon seri de konpetisyon entènasyonal. Mannon Sanon te reponn ak envitasyon an malgre li tap soufri.

Ansyen mitan teren seleksyon angle a Paul Gascoigne ap soufri yon maladi mantal yon jou apre la polis arete l nan nòdès Angletè. Dapre yon lwa britanik la polis kapab kenbe yon moun nan prizon juska 3 jou juskaske yon doktè konsulte l ou byen yon travayè sosyal trete l. Gascoigne jwe 57 rankont pou seleksyon nasyonal Angle a.

Klub football espayòl FC Barselòn remonte yon defisi 2 fwa pou l kale Celtic Glasgow 3 a 2 nan match ale 2 zièm tou lig dè chanpyon Eropeyen an. Arjanten Lionel Messi make 2 gòl pou klub Barselonè a. Chanpyon sotan an Milan AC konsole l ak yon nul fas ak klub Angle Arsenal 0 a 0. Manchester United rache yn match nul fas a klub franse Lyon gras ak yon gòl dènye minit arjanten Carlos Tevez make. Klub Turk Fenerbahce suprann klub espayòl Seville 3 a 2.

Nan Honolulu Los Anjeles Galaksi tonbe devan klub Japonè Osaka Gamba 1 a 0 yè swa malgre David Beckham jwe 90 minit. Houston Dinamo danse sou klub Ostralyen Sydney Football Klub 3 a 0 nan kwadrangulè tounwa football Pan Pasifik la. David Beckham jwe 90 minit nan defèt la.

Samdi Houston Dinamo ap rankontre Osaka nan final la pandan ke Los Anjeles Galaksi ap jwe match konsolasyon an kont Sidney FC. Seleksyon football feminen ameriken an publiye lis seleksyone ki pral patisipe nan tounwa football Koup Algarve la nan Pòtugal. Etazuni ap jwe premye match li fas a la Chin nan group B a le 5 Mars, la Norvèj le 7 Mars e kont Itali le 10 Mars.

Atletisme

Atletics Detantè rekò du mond 100 mèt Jamayiken Asafa Powell kòmanse kanpay kalifikasyon pou je zolenpik yo apre li ranpòte yon viktwa byen fasil nan konpetisyon ki dewoule nan Melbourne an Ostrali malgre lap soufri yon blesu. Ameriken Jeremy Wariner ranpòte kous 400 mèt devan Ostralyen Clinton Hill. Bò kote meda m yo Neo Zelandè Andrea Miller ranpòte kous 100 mèt feminen an. Monique Williams yon lòt Neo Zelandè ranpòte kous 200 mèt la.

Basketball

Kobe Bryant make 41 pwen pou pèmèt Los Anjeles Lakers wouze Phoenix Suns ak tout Shaquille O’Neal 130 a 124. O’Neal make 15 pwen. Nan Nouvèl Orleans Pau Gasol make 31 pwen e fè 11 pas ki make pwen nan viktwa 104 a 93 New Orleans Hornets ranpòte devan Dallas Marvericks. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Cleveland Cavaliers, Philadelphia 76ers, Toronto Raptors, Milwaukee Bucks, Golden State Warriors, Los Anjeles Clippers ak Sakramento Kings.

Olenpik/ Dopaj

Komite Olenpik Ostralyen an ak Ajans Anti Dopaj peyi a anonse yap realije mil tès anti dopaj sou tout atlèt ki pral patisipe nan je zolenpik yo. Responsab yo espere gen yon delegasyon 480 atlèt kap patisipe nan konpetisyon an. Ajans Anti Dopaj Mondyal la kapab reyalize plis pase 4 mil tès anti dopaj pandan dewoulman je zolenpik Peken an kap kòmanse 8 Out ane sa a.

XS
SM
MD
LG