Accessibility links

Breaking News

Etazini: Kandida Pou Envestiti Pati Demokrat la Barack Obama Ranpòte 10èm. Eleksyon Primè li Sou Rival li Hillary Clinton


Kous ant senatè demokrat Barack Obama ak senatè Hillary Clinton se yon kous ki sere, sepandan, Msye Obama kontinye ap ranpòte laviktwa.










Pandansetan, bò kote repibliken yo, senatè John McCain ranpòte primè ki dewoule nan eta Washington, an plis sa ki fèt nan Wisconsin nan.

Misye McCain -- ki sou 4èm. manda li nan Sena a -- bat rival li e ansyen gouvènè eta Arkansò Mike Huckabee, pou l ogmante plis toujou gwo chans li genyen pou l ranpòte nominasyon an.

Chérubin Dorcil ak Lyonel Desmarattes ap di nou plis sou primè eta Wisconsin nan.

Klike sou lyen anlè a pou ou koute repòtaj sou primè madi 20 fevriye 2008 la.

XS
SM
MD
LG