Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Yon Manm Gouvènman an Rejte Lide Pou Leta Bese Taks Pou Konbat Lavichè


Yon manm gouvènman ayisyenan ekate posibilite pou leta ta wetire taks sou yon seri pwodui premyè nesesite. Korespondan nou Rotchild François Junior di nou otorite a fè deklarasyon sa a nan moman Premye Minis Jacques Edouard Alexis te reponn envitasyon senatè yo pou yon dezièm fwa sou dosye lavi chè a.

Yon lòt kote, yon palmantè ayisyen bay pozisyon n' sou revokasyon pa bann e pa pakèt ki fèt nan konpayi telefòn leta a, TELECO. Korespondan nou Jean Ernst Eliscar di nou palmantè a reyaji nan moman gouvènman an pwomèt pou l' kreye plizyè dizèn milye travay pou konbat chomaj nan peyi a.

Si ou vle tande repòtaj sa yo ak lòt nouvèl sou peyi d Ayiti, fè klik sou ralonj ki anlè atik la.

XS
SM
MD
LG