Football
Footbalè Brezilyen Ronaldo prale nan vil Pari kote li pral subi yon entèvansyon nan je pye l gòch li--yon aksyon ki kapab mete fen nan karyè l. Ronaldo te pran zòbòy la nan okazyon match nul Milan AC fè ak Livourne 1 a 1 yè Mèkredi a. Dapre nouvèl yo Ronaldo kapab opere aswè a.
Yon dènye etud ki fèt revele klub football espayòl Real Madrid konsidere kòm klub ki pi rich sou tè a pandan dènye sezon an ak yon total 512 milyon dola swa yon ogmantasyon revenu 20 pou 100. Konpayi fè etud la sou 20 klub nan Eròp Oksidantal la--6 an Angletè--4 an Almay--4 an Itali e 3 lòt yo an Espay. Etud la revele yon ogmantasyon 11 pou 100. Manchester United klase 2 zièm ak 459 milyon 750 mil dola answit nou jwen FC Barselòn klase 3 zièm ak 423 milyon 140 mil dola.
Gouvènman Swis la pote yon chanjman enpòtan nan règleman vwayaj pou ede dejwe vyolans ki kapab genyen pandan dewoulman koup dEròp dè Nasyon an. Otorite yo leve restriksyon ki te genyen sou vòl aswè kap pèmèt otorite mete nan avyon tout machann dezagreman yo tap kenbe kap fè dezòd apre yon rankont football.. Aktyèl lwa a entèdi vòl avyon soti 10 zhè pou 6 zhè nan maten.
Yon ofisyèl wo plase football Azyatik la fè konnen lap kouche an kwa kont plan Lig Football premyè divizyon Angle a genyen pou l pèmèt klub yo jwe yon seri de rankont nan lòt peyi a pati de sezon 2010 -2011 la. FIFA deja fè konnen lap etudye pwopozisyon an e lap gen pou l pran yon desizyon. Federasyon Football Ameriken an di lap mache kòt a kòt ak desizyon FIFA a.
Klub olandè PSV Eindhoven, klub Alman Werder de Brem ak klub Angle Everton fè yon pa an avan pou kalifye pou pwochen tou koup UEFA a apre yo ranpòte match ale a swa 16 zièm de final la. PSV Eindhoven wouze Helsingborg 2 a 0. Werder de Brem tronse Braga 3 a 0 epi Everton pilon-nen SK Bram. Gen 6 rankont ki fikse pou jodi a
Baseketball
Kèk pami rankont ki jwe yè swa nan NBA a bay rezilta sa yo. Toronto Raptors kale New Jersey Nets 109 a 91. San Antonio Spurs wouze Cleveland Cavaliers 112 a 105.. Washington Wizards mete fen nan kantite defèt li subi pandan toune sou kòt Wès la gras ak yon viktwa de justès li ranpòte devan Los Anjeles Clippers 91 a 89. Phoenix Suns tonbe devan Golden State Warriors 120 a 118.
Tennis
Numero 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer dakò pou l jwe nan tounwa tenis Stockolm nan an Oktòb yon fason pou tounwa kapab pran yon bourad depi periòd Bjorn Borg, John McEnroe ak Jimmy Connors.
Olympic
Otorite chinwa yo eksprime regrè l apre desizyon sineyast ameriken Steven Spielberg pran pou l demisyone kòm konsultan atistik je zolenpik yo. Spielberg fè konnen konsyans li pa pèmèt li kontinye nan komite akoz li kwè otorite chinwa yo pa fè ase pou rezoud konfli nan rejyon Wès Dafour la.