Accessibility links

Breaking News

22 Zan Aprè Ranvèsman Rejim Duvalier a ann Ayiti, Ki Sans Dat 7 Fevriye a?


7 Fevriye 1986-7 Fevriye 2008: Sa fè 22 zan depi rejim Duvalier a te tonbe nan peyi Dayiti. Depi kèk tan deja, dat sa a ap pèdi nan enpòtans reyèl e senbolik li te genyen pandan lontan pou pèp ayisyen an, si byen ke pou ane 2008 la okenn sektè --ni pouvwa an plas la, ni pati politik yo, ni sektè prive a -- pa òganize pyès aktivite pou make anivèsè sa a.

Nan yon entèvyou ak VOA (kesyon: Jacquelin Bélizaire), ansyen Premye Minis Gérard Latortue plis mete aksan sou sans 7 Fevriye 2006 la, dat eleksyon ki te remete Prezidan René Garcia Préval sou pouvwa a --eleksyon ki te dewoule sou direksyon ak sipèvizyon gouvènman tranzisyon Misye Latortue te dirije a. Pou konnen rezon ki fè dat 7 fevriye a pase ane sa a san okenn ekla patikilye ann Ayiti, Jean Robert Philippe pale ak jounalis Clarence Renois ki nan Pòtoprens.

Klike sou lyen anlè a pou w tande devlopman nouvèl sa yo.

XS
SM
MD
LG