Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kèk Manm Palman an Menase pou yo Konvoke Premye Minis J. E. Alexis sou Avni Prezans MINUSTAH nan peyi a


Ayiti: Ki plan gouvènman Préval-Alexis a genyen pou l ranplase MINUSTAH lè manda misyon entènasyonal la va pran fen pi ta ane sa a? Se kesyon kèk manm palman an ap poze e yo menase pou yo konvoke Premye Minis Jacques Edouard Alexis pou l bay eksplikasyon sou dosye a. Palmantè yo lanse menas la nan moman kesyon pou konnen eske Ayiti pral genyen yon nouvo fòzame toujou nan lè a.

Yon lòt kote, yon gwoup òmpolitik anonse yo pral mande yon rankont ak gouvènman an pou yo abòde sa yo konsidere kòm "priyorite" ki enpòtan anpil pou avni imedya peyi a. Pèsonalite ki pale nan non gwoup la, se pòtpawòl kowalisyon "Fusion", Micha Gaillard, ki fè Lavwadlamerik konnen priyorite yo se: 1).- Pouvwa prezidan Konsèy Elektoral Pwovizwa a, KEP -kèk sektè panse prezidan KEP a vin gen twòp pouvwa; 2).- Lavi chè a; 3).- Bon gouvènans.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG