Accessibility links

Breaking News

Senatè Repibliken John McCain Deklare Li An Tèt de Lis Nan Kous pou Nominasyon Pati a


Bò kote demokrat yo, senatè Hillary Clinton ak senatè Barack Obama ranpòte plizyè primè enpòtan tou, sepandan li poko klè kilès ki devan. Senatè McCain kale rival repibliken l yo nan 9 eta; kèk nan eta sa yo gen anpil delegue, tankou Kalifòni, New York ak eta Illinois. Pou kounye a, senatè McCain genyen plis ke mwatye kantite delegue li bezwen pou l jwenn nominasyon pati repibliken an kòm kandida a la prezidans. Sa gen kèk mwa, kanpay senatè McCain nan te sanble l prèske kraze, nan moman sondaj dopinyon yo te montre li te byen lwen dèyè lòt kandida yo. Rival Msye McCain yo, sètadi ansyen gouvènè Mitt Romney ak ansyen gouvènè Mike Huckabee ranpòte plizyè eta tou, sepandan yo pa ranpòte ase delegue pou yo ta pye-pou-pye ak senatè McCain. Pou kounye a, senatè Clinton gen yon ti kantite delegue anplis senatè Obama, sepandan okenn nan kandida sa yo pa gen yon gwo avans sou lòt la.
XS
SM
MD
LG