Accessibility links

Breaking News

Prezidan CNDDR la Rekonèt kèk Bandi ki Echwe nan Pwogram nan, Reprann Aktivite yo, men Lapolis Toujou Prè Pou l Pase Alaksyon.  


Nan peyi Dayiti, responsab yo nan CNDDR --Komisyon Nasyonal pou Dezameman, Demobilizasyon ak Reyensèsyon-- rekonèt gen bandi ki te echwe nan pwogram nan e ki rekòmanse aktivite yo kont popilasyon an. Sepandan, prezidan enstitisyon an, Alix Fils-Aimé, di lapolis ak CNDDR ap pran dispozisyon pou yo kontwole aktivite sa yo.

Yon lòt kote, lapolis nan Jakmèl arete yon bandi ki te kite kapital la kote li te komèt divès aktivite kriminèl --tankou kidnaping, pa egzanp. Toujou sou plan ensekirite a, prezidan Komisyon Prezidanyèl Pou Sekirite a, Patrick Elie, bay Lavwadlamereik yon entèvoyou kote li di li regrèt le fèt ke enstitisyon l ap dirije a poko jwenn apui li bezwen nan men kèk sektè gouvènmantal; sepandan, li espere kolaborasyon sa a ap vini anvan lontan. Anfen, divès obsèvatè panse gouvèman Préval-Alexis a ta dwe fè plis efò pou l chache elimine mizè k ap sakaje popilasyon an.

Klike sou lyen anlè a pou w koute devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis/korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG