Accessibility links

Breaking News

Ayiti:Pòtpawòl Minustah Fred Blaise Deklare Yon Reduksyon Twoup Nasyonzini yo Enskri Nan Manda Misyon L'ONU an


Direktè sivil fòs mentyen lapè Nasyonzini an’n Ayiti a (MINUSTAH) Hedi Annabi, lanse avètisman kont tout lide pou l’ONU ta wete twoup li yo anvan lè nan peyi a. Msye Annabi di jounalis yo sitiyasyon sekirite a amelyore anpil aprè lapolis ak fòs MINUSTAH yo fin elimine ane pase pi fò gwo gang ki tap simaye laterè yo, men li ajoute lapè toujou rete yon kesyon frajil an'n Ayiti. Misye Annabi deklare Ayiti gen selman 8 mil ajan polis--yon kantite ki piti pa rapò ak 14 mil ki nesesè (daprè kalkil ki fèt) pou mentni sekirite atravè peyi a. Li fè konnen 9 mil gadyen lapè Nasyonzuni ki sou teren an kounye a dwe rete nan repiblik karayib la jiskaske gouvènman ayisyen an kreye sa li rele yon sitiasyon stab la ba a. Sepandan, potpawòl Polis Nasyon Zini an (UNPOL) Fred Blaise, Lavdal'amerik kontakte sou sijè a deklare "rediksyon" fòs yo se yon devlopman manda MISNUSTAH prevwa e l' depann sou amelyorasyon kondisyon sekirite a.

Ale sou ralonj ki sou tèt atik la pou n' koute deklarasyon Fred Blaise nan mikwo Jean-Pierre Leroy.

Yon lòt kote, prezidan ayisyen an, René Préval ak premye minis Jacques Edouard Alexis fè yon vire-won nan Sant peyi dAyiti depi lendi 21 janvye 2008 la, pou yo kapab wè ak pwòp je yo sitiasyon peyizan yo ap viv rejyon Plato Santral la.

Jean Christophe Collègue va di n'n plis si nou fè yon klik sou 2 zyèm lyen ki nan tèt paj sa a.

XS
SM
MD
LG