Accessibility links

Breaking News

Eleksyon USA: Clinton, McCain, Romney Soti Venkè Samdi


Senatè demokrat Hillary Clinton, Senatè repibliken John McCain, ak ansyen gouvènè repibliken Mitt Romney ak ranpòte laviktwa nan 3 eleksyon ki t'ap dewoule samdi 19 janvye a, nan eta Kawolin di Sid (pou Repibliken sèlman) e nan eta Nevada (pou tou 2 pati yo).

McCain bat ansyen gouvènè Arkansas Mike Huckabee nan Kawolin di Sid. Depi 28 an, tout kandida repibliken ki genyen nan eta sa a toujou jwenn nominasyon pati a pou yo parèt kòm kandida-a-la-prezidans anfas yon kandida demokrat oubyen yon demokrat ak yon endepandan.

Kidonk li gen espwa tandans sa a papral chanje an 2008 la e li va jwenn ase elan ak viktwa samdi 19 janvye a pou li genyen Florid, nan dat 29 janvye k'ap vini an.

Anvan sa, nan Nevada, Mitt Romney te fini premye byen lwen devan tout moun. Tandiske Hillary Clinton rive bat Barack Obama ak 6 pousan vwa anplis, nan yon eta kote manmzèl t'ap domine tout sondaj ak 20 pwen ou plis, sa gen sèlman kèk semèn. Demokrat yo ap pare yo kounye a pou yo vote nan Kawolin di Sid, yon eta Obama prèske oblije ranpòte apre li fin sibi 2 defèt youn dè lòt, nan New Hampshire ak Nevada.

Fè klik sou ralonj anlè atik sa a pou w ka koute deklarasyon kèk pami kandida yo, apre eleksyon samdi a.

XS
SM
MD
LG