Accessibility links

Breaking News

Sena Ayisyen an Gen yon Nouvo Biwo avèk Kelly Bastien kòm Prezidan.


Yon vòt dewoule Jedi 17 janvye a nan Sena Ayisyen an pou fòme yon nouvo biwo. Manda 2 zan bwo ki te la a te pran fen lendi pase a -2èm lendi mwa janvye a. Nan tèt biwo a --ki genyen 5 manm-- nou jwenn senatè Kelly Bastien ki ranplase senatè Joseph Lambert non sèlman kòm prezidan sena a, men tou kòm prezidan Asanble Nasyonal la lè 2 chanm yo reyini pou yon seyans ekstwòdinè.

Yon lòt kote, 14 moun ki mele nan disparisyon yon chajman dwòg nan mwa me 2007 la, gen pou yo konparèt nan tribinal vandredi 18 janvye a. Dwòg la te disparèt pandan yo t ap transpòte l sòti nan vil Tigwav pou ale Pòtoprens. Pami moun yo akize nan afè sa a, genyen kèk polisye.

Fè klik sou lyen anlè a poun w swiv devlopman nouvèl sa yo avèk jounalis / korespondan nou yo.

XS
SM
MD
LG