Accessibility links

Breaking News

Pwoblèm pou Football Jwe nan Tèt Mon


Football

Konfederasyon Football Amerik du Sud konvoke yon reyunyon durjan Madi pwochèn nan o Chili pou diskute desizyon FIFA adopte semen pase a sou rankont kap jwe a wo altitud. Dapre nouvo règleman yo seleksyon yo dwe gen 3 jou aklimatasyon pou tout rankont football kap jwe nan yon wotè ki pa depase 2 mil 500 mèt--yon semen sou wotè ki pa depase 2 mil 750 mèt epi 2 semen nan wotè ki pa depase 3 mil mèt. Bolivi pwoteste kont desizyon akoz stad football La Paz la situe nan yon wotè plis pase 3 mil 600 mèt. Prezidan Evo Morales kalifye mezu a tankou yon kondanasyon a mò FIFA enpoze sou football. Pwoblèm nan lye ak match kalifikatif koup du mond akoz pafwa gen rankont ki jwe kèk jou apre yon lòt.

FIFA pral òganize dat match kalifikatif koup du mond nan 2 zòn Eropeyen apre dirijan yo pa jwen yon antant nan delè 16 Janvye. Group konsène yo se group 2 a ki gen ladann la Grès, Izrayèl, la Swis,Moldavi, Letoni ak Luksanbourg. Group 5 la gen Espay, Turki, Bèljik, Bosni Herzegovin, Armeni ak Estoni. FIFA fè konnen kalandriye rankont yo pral deside pandan dewoulman kongrè Unyon Eròp la ap fè nan vil Zagrèb 30 Janvye. Sèl eksepsyon se group 9 la ke FIFA akòde yon delè.

Koup dAfrik dè Nasyon 2010 la ap kòmanse pibonè kòm yon konsesyon pou klub Eropeyen yo. Òganizatè konpetisyon byenal la kap dewoule nan Angola anonse konpetisyon an ap dewoule 10 Janvye pou l fini 31 Janvye swa 10 jou pibonè konpare ak edisyon ane sa a nan Gana kote konpetisyon an ap fini 10 Fevriye. Desizyon an rive apre konplent klub Eropeyen yo ak jwè Afriken yo sou kalandriye konpetisyon an. Angletè sanble peyi ki pi afekte akoz plis pase 40 football afriken ap evolye nan klub Angle. Konfederasyon Football Afriken an ekate lide pou chanpyona a ta dewoule an Jwen ou Juyè akoz pwoblèm tanperatu.

Prezidan Senegalè a Abdoulaye Wade prete avyon prezidansyèl la pou transpòte fanatik ki pral asiste koup dAfrik dè Nasyon ane sa a nan Gana. Seleksyon nasyonal Senegal la ap rankontre Tunizi nan group D a le 23 Janvye. Avyon an ap fè 2 vwayaj nan Gana 21 e 22 Janvye. Guine anule yon konvwa otobus ki ta pral transpòte fanatik yo akoz move wout epi bandi pa piye fanatik yo.

Tennis

Numewo 1 tenis mondyal maskulen an Swis Roger Federer kalifye pou 3 zièm tou tounwa tenis Open Ostrali a apre li wouze franse Fabrice Santoro ak 3 kout rakèt 6-1, 6-2, 6-0. Chipriyòt Marcos Baghdatis ak Rus Marat Safin te bezwen plis pase 3 zhè-d-tan pou deside rezulta rankont la. Finalman Baghdatis te finn pa gen rezon sou Safin an 5 manch 6-4, 6-4, 2-6, 3-6, 6-2. Sèb Novak Djokovic elimine Italyen Simone Bolelli 6-1, 6-2, 6-2 epi ajanten David Nalbadian elimine Ostralyen Peter Luczak 4-6, 7-5, 6-4, 6-1. Bò kote medam yo Rus Svetlana Kuznetsova elimine Bulgar Tsvetana Pironkova 7-6, 6-2. Ameriken Venus Williams kalifye tou apre li elimine franse Camille Pin 7-5, 6-4 epi Rus Anna Chakvetadze woule konpatriòt li Alisa Kleybanova 6-3, 6-4.

Basketball

Ray Allen make 35 pwen pou ede Boston Celtics tronse Portland Trail Blazers 100 a 90. Nan Miami Ben Gordon ak Joe Smith te konbine efò yo pou ede Chikago Bulls pilon-nen Miami Heat 126 a 96. New York Knicks te fè anpil efò pou l kale New Jersey Nets 111 a 105.

Antrenè basketball ameriken Bob Knight tounen premye antrenè maskulen ki bat yon rekò nan kantite viktwa li ranpòte nan nivo univèsitè. Bob Knight ki pa janm sispann fè pale de li pandan 42 zan karyè ranpòte 900 tièm viktwa l apre Tekzas Tech kale Texas A and M 68 a 53.

XS
SM
MD
LG