Accessibility links

Breaking News

Chanjman nan Forma Koup Eropeyen an


Fotball

Unyon Football Eropeyen an gen pou l bay yon rapò sou posibilite pou l ogmante kantite patisipan nan koup dEròp dè Nasyon an nan okazyon rankont li gen pou l fè nan Kwasi nan fen mwa sa a. Responsab yo di yap konsidere plizyè modèl tankou pou ta ogmante kantite peyi patisipan yo a 24. Responsab yo di tout chanjman pap efektif pa zavan 2016. Yon ogmantasyon kapab rann li difisil pou ti peyi Eropeyen yo ta akeyi konpetisyon an akoz kantite stad ak struktu dakèy nesesè.

Lig Jenès football Afrik du Sud mande yon revizyon nan manb komite òganizatè koup du mond 2010 la akoz yo entouchab.

Gouvènman Izrayelyen an envite Manchester United pou l patisipe nan match de gala nan okazyon 60 tièm anivèsè fondasyon nasyon ebre a. Manchester United prale an Izrayèl nan fen sezon Eropeyen an pou l rankontre seleksyon nasyonal la. Responsab yo anonse plan pou United fè yon vwayaj an Afrik du Sud an Juyè.

Footballè Arjanten Carlos Tevez kapab jwe kont brezil nan kad match kalifikatif koup du mond 2010 la apre responsab yo redui sanksyon yo te pran kont li sot 2 match pou l mete l ak yon sèl rankont.

Atletisme

Òganizatè Je Zolenpik Peken yo fè konnen yo pa espere retrè oken ekip kous cheval apre la Swis abandone konpetisyon an akoz chalè, umindite ak polusyon ki genyen nan enstalasyon Hong Kong. Responsab Swis yo di yo gen anpil kè sote pou sante cheval yo malgre garanti yo jwenn.

La Chin rejte kritik moun ki vle konekte konfli Dafour la ak òganizasyon je zolenpik ane sa a. Militan Eropeyen ak Ameriken akuze la chin ki pa fè ase presyon sou gouvènman Soudanè a pou l mete fen nan konfli Dafour la-sa ki po yo menm rann la chin pa kalifye pou l òganize je zolenpik yo. Anvwaye espesyal chinwa a an Afrik du gouvènman Peken an pa janm supòte yon masak gouvènman soudanè a kont pèp la.

Tennis

Rus Vera Zvonareva ak Grèk Eleni Daniilidou kalifye pou final tounwa tenis Hobart Internasyonal la.

Swis Roger Federer ak bèlj Justin Henin seleksyone kòm tèt de seri numewo 1 Open Ostrali a. Pa gen oken supriz 32 premye jwès tenis feminen yo ak 30 pami 32 premyè jwè tenis maskulen jwe wòl tèt de seri an fonksyon de pozisyon yo okipe nan klasman mondyal la. 2 absan bò kote msye yoAlman Tommy Haas ak Arjanten Guillermo Canas akoz blesu. Tiraj osò ap dewoule demen Vandredi a.

Sou teren an Justin Henin ak Rus Svetlana Kuznetsova kalifye pou final tounwa tenis Sidney Intènasyonal la. Henin te pase anpil mizè avan li kale Sèb Ana Ivanovic 6-2, 2-6, 6-4. Menm situasyon an pou Kuznetsova avan li elimine Tchèk Nicole Vaidisova 7-5, 7-6. Nan kar de final bò kote mesye yo Tchèk Radek Stepanek kale Arjanten Agustin Calleri 6-2, 6-4 pou l al rankontre Ostralyen Chris Guccione. Epi Rus Dmitry Tursunov pral mate balon fas a franse Fabrice Santoro.

Espayòl David Ferrer elimine nan tounwa tenis Open Heineken nan kap dewoule nan Auckland Nouvèl Zeland fas a franse Julien Benneteau 6-4, 6-0. Benneteau pral rankontre nan semi final la ak espayòl Juan Carlos Ferrero. Lòt semi final la ap mete bab pou bab alman Philipp Kohlschreiber fas a arjanten Juan Monaco.

Basketball

Charlotte Bobcats suprann Boston Celtics ak yon viktwa 95 a 83 pou mete fen nan 9 viktwa afile Celtics yo sot ranpòte.. Dallas Marvericks danse sou Detroit Pistons 102 a 86 gras ak 23 pwen alman Dirk Nowitzki make. Atlanta Hawks te fè anpil efò avan li kale Cleveland Cavaliers 90 a 81. Philadelphia 76ers tonbe devan Toronto Raptors 109 a 96.

Antrenè basketball univèsitè Bob Knight ki pa janm sispann fè pale de li ap pare pou l bat yon rekò ke sèl 2 antrenè fanm bat. Knight bezwen yon viktwa pou l ranpòte 900 tièm viktwa l nan tèt Tekzas Tech pandan 42 zan karyè. Da m ki bat rekò a se ansyen antrenè Tekzas la Jody Conradt ki pran retrèt li apre 900 tièm viktwa a epi antrenè Tennesee a Pat Summit ki gen yon palmarès 948 viktwa.

XS
SM
MD
LG