Accessibility links

Breaking News

Rio Janeiro Kandida Pou Je Zolenpik yo


Olenpik / Rio de Janeiro

Vil Rio de Janeiro o Brezil deside poze kandidatu l pou l og̀aganize je zolenpik yo an 2016 ak espwa koup du mond football 2014 la pral ede yo. Gouvènè Rio de Janeiro a di vil la ap pwofite de preparasyon koup du mond la pou l konstrui pifò enfrastruktu nesesè pou akeyi je zolenpik yo. Vil kapab depanse anviwon 508 milyon dola pou akeyi je zolenpik yo--yon sòm ki enferyè ak kantite lajan komite òganizatè je zolenpik Lond yo depanse pou akeyi konpetisyon an an 2012 swa yon total 1 milya 500 milyon dola. komite Olenpik Brezilyen an ap soumèt kandidatu vil la 11 Janvye nan Lauzan an Swis. Komite Olenpik Entènasyonal la pral seleksyone vil òganizatè a an Oktòb 2009 nan Danmak.

Basketball

Minnesota Timberwolves woule Miami Heat 101 a 91. Cleveland Cavaliers tronse Seattle Supersonics 95 a 79 gras ak 22 pwen Lebron James make. Milwaukee Bucks suprann Fildelphia 76ers 87 a 83. Charlotte Bobcats suprann New Jersey Nets ak yon viktwa 115 a 99. Lòt ekip ki ranpòte la viktwa se Houston Rockets ki kale Washington Wizards 92 a 84. San bliye Los Anjeles Lakers, Utah Jazz, New York Knicks ak Sakremento Kings.

Shaquille O’Neal pap kapab jwe pou Miami Heat akoz yon blesu nan ren. Msye kapab rate yon semen pou pipiti.

Football

Antrenè seleksyon feminen ameriken an Pia Sundhage, dorijin Swedwa, publiye lis jwè kap vwayaje an Chin nan kad tounwa 4 nasyon kap dewoule mwa sa a.

Tennis

Asosyasyon Tenis Pwofesyonèl la anplwaye 2 ansyen polisye londonyen pou evalye menas paryaj pou lajan ak deside rezulta yon match alavans. Responsab yo pran desizyon an apre suspisyon yo te genyen kòm kwa vedèt tenis Rus Nikolay Davidenko tap pare sou match. Plis pase yon douzèn jwè tenis ta fè konnen gen moun ki te kontakte pou yo fasilite viktwa yon advèsè.

Rus Dmitry Tursunov pèdu nan fas a franse Richard Gasquet 3-6, 6-3, 6-4 nan 2 zièm tou tounwa tenis entènasyonal Sidney a. Franse Sebastien Grosjean kapote espayòl Fernando Verdasco 6-3, 6-4.

Atletis / Dopaj

Minis Enteryè Otrichyen an ap ankete yon laboratwa nan vil Vyèn apre Ajans Anti Dopaj Mondyal la akuze l ke lap melanje san ak dròg. Akuzasyon yo lonje dwèt sou plizyè atlèt tankou siklis ki tap pran pwodui pou ogmante nivo globul wouj yo.

La polis nan Stuttgart an Almay fè konnen siklis alman Stefan Schumacher te gen anphetamin nan sann lè yo te teste l pou kondwi an eta debriyete ( alkòl). Kòm konsekans responsab yo te sezi lisans siklis la pou 10 mwa epi fè l peye yon amand 14 mil 500 dola.

Federasyon Siklis Espayòl la rejte demand pou l ta pran sanksyon kont Iban Mayo apre li te teste pozitif pandan dewoulman kous bisiklèt Tour de Frans la ane pase. Federasyon an di lap prepare yon entèvansyon nan tribunal ak Unyon Siklis Entènasyonal la apre tès ki te fèt nan yon laboratwa Bèlj te diferan ak 2 tès ki te fèt yon laboratwa franse.

Federasyon Siklis Espayòl la te gen juska 31 Desanm pou l te satisfè demand sanksyon Unyon Siklis Entènasyonal la te fè. Federasyon an te enfòme Unyon Siklis Entènasyonal la 28 Desanm ke li pap tande dosye a. Si responsab yo jwen Mayo koupab msye kapab resevwa yon sanksyon 2 zan.

XS
SM
MD
LG