Accessibility links

Breaking News

Clinton, McCain Ranpòte Eleksyon Primè Eta New Hampshire a


Senatè Hillary Clinton (reprezantan Eta New York) ak senatè John McCain genyen eleksyon primè Pati Demokrat ak Pati Repibliken an nan New Hampshire. Nan yon kouss "sere-sere" analis yo pat prevwa, Clinton kale rival li, senatè Barack Obama, (Demokrat Eta Illinois) avèk apeprè 7000 vwa diferans. Obama te ranpote Caucus demokrat Eta Iowa semèn pase a.

Senatè Eta Arizona a, John McCain, rafle primè Pati repibliken an. Li di patizan l' yo li rekonesan deske yo ba l' posibilite pou'l vinn pwochen prezidan Etazini.

Nan katye jeneral McCain-nan, nan Eta New Hampshire, patizan senatè a jibile e chante (Mac is back:Mac retounen) pou selebre viktwa patizan yo a sou ansyen gouvenè Eta Massachusetts la, Mitt Romney.

Gras ak tanperati a ki pi cho ane sa a ke jan li te sipoze ye pou sezon ivè a, mete sou enterè elektè yo manifeste pou kanpay elektoral la, plis moun sòti madi 8 janvye a al vote. Responsab elektoral yo estime omwens yon demi milyon elektè te al lage bilten pou chwazi kandida yo.

Kandida yo te espere atire elektè endepandan yo ki reprezante 40 pou san elektora New Hampshire a e ki gen dwa patisipe nan eleksyon primè tou 2 pati yo. Primè Eta pa Eta a se yon pwosesus manch long nan kanpay pou nominasyon kandida Pati Demokrat ak Pati Repibliken an pandan konvansyon nasyonal ki pral dewoule nan mwa Out ak nan mwa Septanm 2008 la pou chwazi kandida ki prale tope kòn yo nan eleksyon jeneral mwa Novanm nan.

XS
SM
MD
LG