Accessibility links

Breaking News

Martina Hingis Resevwa Yon Suspansyon 2 zan


Tennis

Kèk nouvèl sou tenis pou kòamnse : Lèzetazuni ranpòte edisyon 2007-2008 Koup Hopman apre li kale an final La Sèbi 2-1. Tenis o feminen : C’est confirmé! Ansyen numewo mondyal-la , suisès Martina Hengis suspandu pou 2 zan poutèt li te kontwole pozitif an 2007 malgre pwotestasyon-yo. Hengis te ja anonse retrèt-li premye desanm menm jou li te anonse ke li te teste pozitiv. Hingis, ki pran retrèt li, gen 3 semen pou l ale an apèl ak desizyon Federasyon an ki anule tout rezulta li te ranpot̀e depi 1 Oktòb ak prim 129,481 dola. Responsab yo di Hingis anonse retrèt li menm jou li te aprann nouvèl la--yon akuzasyon li te rejte.

Ameriken Lindsay Davenport ap rankontre an final adolesan franse Aravane Rezai demen Samdi a nan tounwa tenis Nouvèl Zeland-la .

Nan semi final tounwa Open Katar la Kwat Ivan Ljubicic ap rankontre Swis Stanislas Wawrinka epi Rus Nikolay Davydenko pral rankontre Britanik Andy Murray. Tounwa sa a antre nan kad tounwa tenis chofe jarèt avan tounwa tenis Open Ostrali a-premye tounwa tenis Gran Shelem kap demare 14 Janvye nan vil Melbourne.

Football

Yon kou dèy sou prensipal chanpyona ewopeyen-yo : Ann Espay, apre 16e de final Koup du wa-a , foutbòl pral gaye pandan wikenn-nan . Barselòn ki anba presyon ap deplase laky Mayòk pandan ke lidè Real Madrid ap akeyi Saragòs. Men dèbi jounen-an ap mete fas-pou-fas Espayòl Barselòn ak Vilareal.

Bundechliga-a ann Almay ap tann vandredi premye fevriye-a pou repriz e Tifozi-yo, fabatik calcio-a ap tann samdi 12 janvye. An Angletèr, se 3e tou Koup d’Angletèr-la : Manchester United ap deplase laky Aston Villa ; Manchester City kont West Ham ; Tchelsi kont Queens Park Rangers, Liverpool kont Luton Town. An palan de Liverpool, , Rafael Benitez ekip-la fè konnen Steven Gerrard deklare fòfè pou match 3e tou Koup d’Angletèr kont Luton.

Entènasyonal anglè David Beckham antrene pou premyè fwa maten-an avèk klub anglè Arsenal . Beckham 32 zan kap jwe nan Los Anjeles Galaxy Ozetazuni an vakans paske Lig amerikèn o repo. Beckham ap eseye kenbe yon fòm fizik pandan mwa lap pase ann Angletèr pou sizoka-paka Fabio Capello kap antrene seleksyon anglèz ki gen pou jwe kont La Suis 6 fevriye nan Wembley.

XS
SM
MD
LG