Prezidan ayisyen an, René Préval, ki te pran lapawòl nan okazyon 204-èm anivèsè endepandans peyi d Ayiti yè madi a, swete pou gen yon pi bon relasyon ant Egzekitif la ak divès sektè. Yon korespondans Alfred Jean gen depi vil Gonayiv.
Ayiti toujou: yon pastè pwotestan ap reflechi nan prizon anba akizasyon ke li ta rache yon peyizan ak kout manchèt . Korespondan nou Montigène Sincère gen detay depi vil Ti Gwav.
Sekirite ak stabilite politik ann Ayiti se 2 nan kondisyon Chanm Komès ayisyano-ameriken an nan Orlando, Florid di otorite Pòtoprens yo dwe satisfè pou yo ka atire envestisè nan peyi a. Korespondan nou Yves Mompremier gen detay.
Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.