Tennis
Supriz nan tounwa tenis an tèt batu Ostralyen an nan Adelaid. Ostralyen Joe Siriani ki resevwa yon envitasyon espesyal kalifye pou 2 zièm tou a apre li kale Tchèk Radek Stepanek pa fòfè 7-6, 6-4. Franse Michael Lodra suprann konpatriòt li Gilles Simon 7-6, 6-3. Ameriken Michael Russell kale Arjanten Juan Martin Del Potro 6-3, 6-3.
Bò kote meda m yo Italyen Tathiana Garbin suprann Rus Nadia Petrova nan premye tou tenis tenis Gold Coast la 5-7, 7-5, 6-3. Rus Dinara Safina kalifye apre li kale Jarmila Gajdosova 4-6, 6-1, 6-2. Swis Patty Schnyder kale Swis Alisa Kleybanova 6-1, 6-3.
Ameriken Serena Williams kale Luci Safarova 6-0, 2-6, 7-5 pou l bay Etazuni yon viktwa 3 a 0 devan Republik Tchèk nan koup Hopman par ekip miks kap dewoule nan Perth an Ostrali. Etazuni, ki gen yon rekò 2 a 0 nan group B a, ap rankontre Ostrali Jedi. Demen Madi a Ostrali ap rankontre End. Premye nan chak group yo ap kalifye pou final la ki fikse pou Vandredi, Tounwa sa yo antre nan kad tounwa tenis chofe jarèt avan dewoulman tounwa tenis Open Ostrali a--premye tounwa tenis Gran Shelem pou ane a.
Jwè tenis ameriken Lindsay Davenport kòmanse reprann fòm li apre viktwa an 2 manch li ranpòte devan konpatriòt li Laura Granville 6-2, 6-3 nan tounwa tenis ASB Classic kap dewoule nan Auckland Nouvèl Zeland.
Football Ameriken
Washington Redskins ak Tennessee Titans jwen 2 dènye plas faz final la chanpyona football zèpòl kare ameriken an pou sezon regulye a. Redskins yo ki te nan yon move enpas kale archi rival yo Dallas Cowboys 27 a 6 pou yo al rankontre Samdi kap vini la a Detroit Seahawks. Tennessee jwen dènye plas la apre viktwa 16 a 10 li rapòte devan Indianapolis Colts. Miami Dolphins pèdu 38 a 25 pou l fini sezon ak pi move rekò 1 viktwa 15 defèt. Samdi New England Patriots kale New York Giants 38 a 35 pou l fini sezon ak yon rekò pafè 16 viktwa 0 defèt.
Basketball
Portland Trail Blaisers ranpòte 13 zièm viktwa afile l apre yo tronse Philadephia 76ers 97 a 72.. Boston Celtics kale Los Anjeles Lakers 110 a 91 pou l mete la 26 viktwa 3 defèt. Phoenix Suns danse sou Sakramento Kings 117 a 102. Chikago Bulls woule New York Knicks 100 a 83. Golden State Warriors te fè anpil efò avan li kale Denver Nuggets 105 a 95 epi San Antonio Spurs pilon-nen Memphis Grizzlies 111 a 87.
Football
Klub football brezilyen Flamengo fè konnen yo deja chita pale ak Ronaldo ak espwa li pral chache jwen yon antant pou l kite Milan AC pou l retounen nan peyi a vinn jwe nan Flamengo. Responsab yo fè konnen disi 2 semen yap prezante Ronaldo yon òf--sepandan yo di se travay Ronaldo pou l negosye kontra li genyen ak Milan AC ki te nye tout otorizasyon pou Ronaldo negosye ak Flamengo.