Accessibility links

Breaking News

Bonbis Kamikaz Asasinen Ansyen Premye Minis Pakistanè Benazir Bhutto


Ansyen premye minis pakistanè e lidè opozisyon Benazir Bhutto mouri-assasinen jedi pandan l t’ap mennen kanpay. Asasina a fèt sèlman 2 semèn avan eleksyon palmantè yo.

La polis fè konnen yon bonbis kamikaz tire sou madam Bhutto yon ti moman avan bonbis la te sote tèt li.

Nan yon diskou prezidan Pervez Musharraf fè devan nasyon an, li rann teroris yo responsab asasina madam Bhutto a.

Prezidan Musharraf anonse 3 jou dèy nan memwa madam Bhutto e li lanse yon apèl o kalm a travè peyi Pakistan. Yon lòt lidè opozisyon e ansyen premye minis nan Pakistan, Nawaz Sharif, deklare pati li a pral bòykote eleksyon ki fikse pou 8 janvye 2008 yo.

Msye Sharif mande tou pou prezidan Musharraf bay demisyon l imedyatman. Kèk èdtan avan atak la, Lavwadlamerik te pale ak madam Bhutto aprè l te finn fè chita tande ak prezidan Afghan an Hamid Karzai.

Madam Bhutto te deklare li menm avèk prezidan Karzai dakò pou yo travay ansanm pou elimine terorism ak ekstremism. Madam Bhutto te retounen nan Pakistan nan mwad oktòb 2007 la aprè l te pase 8 tan ann ekzil.

Klike sou lyen anlè a pou w koute nouvèl ak reyaksyon sou asasina ansyen premye minis pakistanè Benazir Bhutto a.

XS
SM
MD
LG