Accessibility links

Breaking News

Lapolis Ogmante Patwouy yo Nan Pòtoprens Pou Nwèl la


Lapolis nan peyi d Ayiti ogmante prezans li nan diferan pwen nan kapital la, Pòtoprens, pou sere boulon bandi ame k’ap kidnape moun pandan sezon fèt la. Korespondan nou Rotchild François, Jr. di nou sanble bandi yo pa tande apèl prezidan René Préval lanse pou yo libere ti moun yo kenbe kòm otaj yo.

Nwèl la pote bon nouvèl pou fanmi yon jèn nan vil Gonayiv, sou anviwon 150 kilomèt distans ak kapital Ayiti a. Lapolis anonse liberasyon adolesan an yè lendi a apre li te pase plis ke yon mwa an kaptivite. Korespondan nou Alfred Jean gen detay.

Pou w ka tande repòtaj sa yo, fè klik sou ralonj ki anlè foto a.

XS
SM
MD
LG